Responsab yo nan Konsèy Nasyonal Sosyete Sivil Ayisyèn (KNSA) nan tèt kole ak Misnistè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm (MKFDF) epi anbasad Taïwan, lanse ofisyèlman 10 jou fòmasyon sou domèn enfomatik vandredi 12 me 2023 a nan lokal biwo depatmantal Enstiti Byenèt sosyal ak Rechèch nan Latibonit (IBERS) ki twouve l nan ansyen baz MINUSTAH a.

Objektif fòmasyon sa se pèmèt òganizasyon fanm yo vin pi djanm nan kominote y ap evolye yo epi mache kòt a kòt ak Teknoloji a k ap avanse a gran pa, daprè Pwofesè Cily Lefort ki se fòmatè KNSA, ki deklare se 46 Fanm k ap benefisye fòmasyon sa pandan 10 jou, pou yon montan ki evalye a 700 mil goud.

Pi lwen, Lefort fè konnen yo aksepte fanm yo senbolize matris sosyete a. E y ap kontinye pledwari y ap fè nan konsèy la ki, jounen jodi a, pèmet yo nan nivo 50 – 50 ak gason yo. Fòmatè a di li pa nòmal nan plen 21èm syèk sa pou yon manm òganizasyon fanm pa ka louvri yon odinatè.

Li fè konnen, fòmasyon pou yon ti bou tan sa a pral pèmet fanm sa yo kapab :
1) Louvri yon odinatè
2) Prepare yon CV
3) Tape yon lèt
4) Tape yon pwojè ak yon tablo epi mete l sou djonp.

Li deside oryante fòmasyon an konsa, se pou fanm yo ka sispann viktim parapò ak sa k te rive yo deja, kote yo te pèdi plizyè pwojè akoz yo pa t ka tape pwojè yo, moun yo bay tape pwojè yo toujou volè yo.

Mr Cily kwè medam yo pral sispann viktim aprè fòmasyon 10 jou sa, ki pral mete yo nan yon nivo nòmal, ki kapab pèmèt yo reponn ak travay òganizasyon an, pandan l fè konnen aprè fòmasyon an, y ap atann fanm yo vin pèfoman nan jere baz done yo, ede lòt mann ki nan òganizasyon an benefisye sa y ap aprann yo, nan sousi pou yo ka vin pi djanm nan sosyete a.

Manm yo p ap ka soti ak yon odinatè jan yo te prevwa sa, akoz pa t gen pwojè pou sa. Ki donk, nan dyalòg li ak òganizasyon yo, li fè yo konnen yo pa dwe rete sou asistana, yo dwe regwoupe yo ansanm pou posede yon òdinatè ki pa dwe sou kont yon pwojè ki, selon li menm, kapab rann yo pi fò nan misyon yo.

Divès reprezantan òganizasyon fanm ki te reponn prezan nan kad lansman sa pa t mete dlo nan bouch yo pou felisite ak remèsye responsab yo, ki panse reyalize fòmasyon sa a pou yo nan depatman Latibonit. Yo fè konnen inisyativ sa vrèman enpòtan pou bòn mach òganizasyon y ap dirije yo.

Yon lòt bò, dirijan sa yo mande ak responsab konsène yo, pou panse plis pou tout òganizasyon ki nan depatman an, yon fason pou yo ka pi byen reprezante nan kominote respektiv yo.

N ap raple, fòmasyon sa te deja reyalize nan zòn metropolitèn nan pou fanm yo. L ap reyalize nan depatman Latibonit nan kad dyalòg ak responsab yo nan KNSA ak MKFDF, nan lide pou ranfòse kapasite medam yo selon pwofesè Cily Lefort fòmatè KNSA.

Israël CEDIEU Gonayiv, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841