Aswè lendi 15 me 2023 a, Melchie Dumornay ki se atakan ekip feminen «Stade de Reims» lan, ranpòte twofe pi bon espwa ak revelasyon chanpyona «D1Arkema» Fransè a pou sezon 2022-2023 a. Melchie reyalize 8 gòl ak 5 pas desizif pandan sezon an, pou 16 match li jwe nan chanpyona a. Li fè pati 11 tip pou sezon an.

Corventina Dumornay, moun Mibalè depatman Sant Ayiti, ansyen jwè AS Tigresses ki fòme nan Federasyon Ayisyèn Foutbòl «Camp Nous Academy», se revelasyon sezon sa a nan D1 Arkema a. Yon trè bon nouvèl pou foutbòl fanm Ayisyen, e foutbòl Ayisyen an an jeneral, malgre estrikti ki te fòme li a detrui totalman jodi a.

Sou paj ofisyèl li, men kouman Melchie rezime gratitid li anvè tout pèsòn fizik ak moral ki rann posib pri a :»Mwen trè onore pou mwen te genyen twofe espesyal sa a, nan yon chanpyona ki chaje ak talan. Yon gran mèsi ak tout moun pou sipò yo !»

Corventina Dumornay se youn nan potansyèl kandida pou twofe «UNFP» a, kote rezilta yo ap disponib 28 me 2023 a, toujou nan D1 Arkema a, ki reprezante meyè lespwa foutbòl fanm an Frans. Li fè pati 5 pi bon jwè sezon 2022-2023 sa yo ki se: Becho, M. Dumornay, Fazer, Fontaine ak Sombath.

N ap raple, 30 mas 2023 a Dumornay te nome pami meyè jèn jwè pou zòn Concacaf la pou ane 2022 a, puiske Ayisyèn nan te make 12 gòl pou 23 match li te jwe.

Avèk Dumornay kòm modèl, imajine kouman Ayiti, atravè Federasyon Foutbòl Ayisyen «FHF» ak lòt lekòl foutbòl, t ap kontinye pwodui jwè pou foutbòl nasyonal ak entènasyonal la, si peyi a te gen dirijan ki konsyan ak konpetan.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...