Inite k ap Lite Kont Koripsyon nan peyi Ayiti a ULCC, mande pou responsab yo o nivo jistis peyi a mete aksyon piblik an mouvman kont Jean Willy Lazarre, ki se sipèvizè Sant Resepsyon ak Livrezon Paspò nan Komisarya Delma 33 a, aprè l fin resevwa 225 000 goud nan men kèk sitwayen pou sèlman 5 grenn paspò, ki ta dwe koute anviwon 60 000 goud.

Selon dènye rapò ULCC a, sipevizè Sant Resepsyon ak livrezon paspò nan komisariya Delma 33, Jean Willy Lazarre, patisipe nan yon dividal koripsyon nan pran kòb anplis sou moun ki vin fè demann paspò yo.

Toujou selon rapò a, sipevizè a dwe mete l disponib pou lajistis tande li sou plan Administratif epi antanke sipèvizè ak chaje misyon ministè Enteryè ak kolektivite Teritoryal (MICT). Sou plan penal, Aksyon piblik la ap an mouvman kont Jean Willy pou abi fonksyon, benefisyè vèsman anba tab.

Selon rezime rapò ankèt ULCC a, Willy ta egzije yon koup 225 000 goud, swa 4 fwa lajan nòmal la, pou li soti sèlman 5 grenn paspò pou yo. N ap raple, abi konfyans, pran lajan anba tab pini nan atik 5.1 nan lwa 12 mas 2014 la, sou prevansyon ak represyon koripsyon ULCC a.

Washington FLORVIL, Centre a la Une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841