Léon Charles, Eloune Doréus, Marie-Claude Malbranche ki akredite Etazini depi 1990 ak Sony Elias raple pa Ministè zafè etranje Ayiti. Lis moun sa yo dwe rantre ayiti tousuit.

Yon lòt kote MAE anonse yo peye tout 51 misyon diplomatik li yo etou pran nouvo mezi sou depans fonksyonman chèf misyon yo.

Ministè Afè Etranje (MAE), anonse yo peye tout aryere salè ak tout 51 misyon diplomatik yo genyen nan lòt peyi yo etou pwofite mezire depans fonksyonman chèf misyon yo.

Selon sa minis zafè etranje Ayiti a Jean Victor Généus fè konnen ayè madi 09 Me 2023 a, anplwaye yo touche jouska mwa Avril epi kontraktyèl yo jouska mwa Janvye.

Minis Afè Etranje a rapousib pou di yo te jwenn yon antant ak PM Ariel Henry pou peye diplomat yo uit (8) mwa aryere salè pandan yo tou pwofite pran kèk mezi pou evite twòp depans nan misyon diplomatik aletranje yo.

Selon chanchelye Ayisyen an, dezòmè chèf misyon diplomatik yo dwe remèt tout nouvo egzijans yo pou evite iregilarite nan ministè a. Pou kontraktyèl yo, gen kondisyon ki egziste pou yo remèt pyès idantite yo pou kapab regilarize yo nan sistèm jesyon misyon yo.

Chanchelye Généus konfime tou, depi mwa Mas dènye MAE te mande pou tout chèf misyon yo te voye pyès tout nouvo kontraktyèl yo bay ministè a. Mande tou, pou chèf misyon yo soumèt tout frè fonksyónman ak pyès jistifikatif yo pou fè suit legal yo.

Pou fini, akouchman eskandal koripsyon nan misyon Washington DC ki opoze ansyen minis Claude Joseph e diplomat Edmond Bocchit la eske se pat absans règ ak enfliyans politik nan diplomasi Ayisyèn nan?

Washington FLORVIL, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841