Odelson Dossou ki genyen 32 lane, Réus Chrisnel ki li menm genyen 37 lane se 2 mesye sa yo lapolis Ayiti fè konnen yo arete nan Jakmèl pou trafik Zam. PNH pibliye enfòmasyon sila madi 9 Me 2023 a.

Fòs lòd yo fè konnen yo arete mesye yo Jakmèl depateman Sidès ak yon fizi daso ki genyen seri li falsifye.

PNH di genyen youn nan mesye yo ki se moun Pòtoprens epi lòt la se moun Ansapit.

Toujou selon nòt la, Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) fè konnen nan ankèt yo mennen yo jwenn 2 mesye sa yo genyen relasyon ak gang Bougòy nan Granravin depateman lwès.

Toujou selon anketè DCPJ yo mesye sa yo konn itilize zòn simetyè Pòtoprens pou yo fè livrezon zam ak akolit yo.

Nap siyale pandan DCPJ t ap odisyone Réus Chrisnel li avwe zam yo jwenn nan menl se yon Dominiken ki nan rezo trafik zam nan ki ba lil.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841