Mouvman «Bwa Kale» a sisite anpil chanjman andedan sosyete Ayisyèn nan sou plizyè ang, andedan divès sektè nan plizyè dimansyon

Komisè gouvènman Gonayiv la, Sérard Gazius, pèdi pòs li lendi 08 me 2023 a, tou swit aprè «Radio Référence» te fè konnen se li ki te lage chèf gang Kokorat San Ras la, Williams Raymond, ki akize kòm bandi ki fè kidnapin e ki nan asosyasyon malfektè. Se komisè Moïse Déristin ki ranplase Sérard nan pòs la.

Poutan, lendi 8 me 2023 a, komisè gouvènman an nan tribinal premye enstans Gonayiv la, Sérard Gazius, te voye jete byen lwen mesaj ki fè kwè se li ki te lage chèf gang Kokorat San Ras la nan Latibonit ki se kokorat ‘Raymond Williams», jan yo rele tèt yo a.

Pou te konvenk oditwa a, ansyen chèf lajistis la te fè konnen chèf gang Raymond te toujou nan prizon depi lontan avan menm gang ki rele Kokorat San Ras la te pran nesans. Nan mitan menm jounen lendi sa a, byen rapid M. Sérard te pèdi travay li kòm komisè, e se Moïse Déristin ki ranplase l. Ki Moïse Déristin souple ?

Selon tout enfòmasyon ki disponib yo, nouvo komisè gouvènman Moïse Déristin ki ranplase Sérard Gazius la, li menm tou ki te oblije transfere pou kite jiridiksyon Sen Mak la, aprè bawo a te pwoteste kont li pou koripsyon ak detounman kò deli nan dat 8 dawout 2022, se li menm ki retounen kòm komisè gouvènman pou yon ti bout tan an nan vil Gonayiv.

Mèt Moïse Déristin nan biwo li

N ap raple, chèf gang Kokorat San Ras la Williams Raymond komisè Sérard te libere a, genyen 2 gwo dosye kriminèl ki peze sou do l. Premye a konsène yon jijman nan tribinal kriminèl an 2022 epi 2èm nan lye ak kesyon kidnapin ak asosiyasyon malfektè. Pou moman sa a, lapolis ap chache chèf gang Latibonit la tankou tè sèk ki bezwen lapli.

Popilasyon Ayisyèn nan ki swaf jistis li sou tout fòm, e sa fè lontan l ap tann moman sa yo, mande kisa ankò gouvènman Ariel Henry a ap tann ki fè yo pa tou arete ansyen komisè Serard aprè revokasyon li jounen lendi 8 me 2023 a ? De plis, sitwayen yo mande tou èske Gonayiv pa gen okenn lòt komisè kredib ki ta ka ranplase Moïse Déristin, ki li menm tou, se yon kowonpi ?

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...