Aprè anpil reta, yon avyon usairforce ateri an Ayiti lendi 8 Me 2023 a, li pote 4 machin blende. Machin Blende sa yo fè pati 18 blende Leta Ayisyen te kòmande nan konpayi Inkas pou 14 milyon dola pou polis nasyonal la.

Selon kalandriye livrezon Inkas te defini an, y ap genyen 24 Me 2023 a pou livre 3 machin blende. Epi 14 jen ki ap vini laa y ap genyen pou yo livre dènye lot machin.

Inkas deja livre 12 li rete 6 lòt sou 18 machin Gouvèneman Ayisyen an te kòmande yo. Soti 24 me pou rive 14 jen y ap genyen pou livre rès blende yo.

Se depi nan dat mèkredi 9 out 2022 Gouvèneman Kanada te resi aprouve demand otorizasyon konpayi Inkas te fè a pou te produi machin blende yo epi ou livre bay Ayiti.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....