Popilasyon an nan zòn Meyòt dekouvri vandredi 5 me 2023 yon jenn gason ki fè tèt li pase pou machann k ap vann kadna ak divès lòt bagay. Kesyone li, misye eksplike se espyonaj l ap fè pou konnen kòman zòn nan ye, si pa gen Polisye ki la. Popilasyon ki te an kòlè lapide prezime bandi sa a epi mete dife sou li. Malgre l pa t pran nan bal, men li te rive pase alenfinitif anba kòlè sitwayen yo.

Mouvman san atann ki pote non BWA KALE a ki blayi sou tout teritwa nasyonal Ayiti depi plizyè semèn, kote popilasyon an deside chache bandi yo ki pa sispann teyorize popilasyon an, pouse zèfèyis yo chanje estrateji yon fason pou gen kontwòl zòn yo epi mye mennen operasyon yo.

Malgre Deklarasyon Minis Jistis la ak premye minis la ki fè konnen yo pa dakò ak mouvman bwa Kale a, kote yo mande pou popilasyon an remèt bandi yo bay lapolis ak lajistis, pèp la kontinye frape bandi yo. Alòske, Menm minis jistis la te deklare zòn Matizan, Gran ravin, tankou divès lòt zòn nan peyi a kòm teritwa yo pèdi, ki vle di, bandi pran yo.

Se konsa anpil zòn nan peyi a mete yo an gad kont tout enkoni yo ta remake k ap chache refij oubyen ki ta vin mawon nan katye yo. Tout fwa, yon endividi ki sispèk ki prezante nan yon zòn san l pa bay yon pyès idantite, popilasyon an riske mete dòmi nan je endividi sa. Sitou si l ta prezante kèk siy ki fè yo doute.

N ap raple, deja gen prèske 200 bandi ki bwè dlo bouch yo depi mouvman sila lanse, sa gen mwenske 2 semèn. De plis, se yon sèl ka kidnaping ki resanse nan tout peyi a depi peryòd lansman mouvman jiska jounen samdi 6 me 2023 a, selon divès medya.

Fragile Florince, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841