Jedi 04 me 2023 a, anbasadè Bocchit Edmond ki di li pa nan okenn zak koripsyon, endekse ansyen Minis Claude Joseph li di ki te prezante Gélorme Juste kòm kouzen li. Gélorme sa a se yon sitwayen Ladwàn amerikèn te sezi 50 000 dola ameriken nan men l ki te soti Chili an jwen 2021.

Nan lèt tou louvri sa a, ansyen anbasadè Ayiti a fè konnen tout fo diskou sa yo ki ta vle enplike l nan zak malonèt, koze anpil domaj osnon anpil tò ak Leta Ayisyen. Li fè konnen tout rale mennen vini sa yo vize brize 32 lane sèvis piblik li genyen nan diplomasi Ayisyèn nan.

Li di avan otorite konpetan yo fin travay pou enfòme piblik la sou konklizyon komisyon ant ministè yo ki te ankete sou sa k te pase ant 18 ak 21 avril 2023 a, li enfòme piblik la li pa gen anyen pou wè ak koripsyon kòm anbasadè Ayiti nan Washington.

Ansyen anbasadè a mande pou yo fè yon odit nan anbasad la. Li fè konnen li sifi pou l sèlman raple baz revokasyon li a lye ak Ladwàn amerikèn ki te sezi nan mwa jwen 2021 plizyè pake ki te gen 50 000 dola ameriken ki te sòti peyi Chili. Lajan sa a te ale jwenn Gélorme Juste ki se kouzen ansyen minis Claude Joseph, ki te nome Gélorme kòm responsab seksyon konsilè anbasad la.

Ansyen anbasadè Bocchit deklare ouvètman li pa t gen okenn, vrèman okenn kontwòl sou Gélorme, ki t ap regle tout zafè ak kouzen li ansyen minis Claude Joseph.

Li di se depatman deta ameriken ki te mete l okouran de koze sa a nan mwa dawout 2021, paske li pa t konn anyen sou li. Menm kote l fin konn sa a, li te tou enfòme ministè afè etranjè ak kilt pou responsab yo fè tout suit legal yo ak sa. Li di tou komisyon ant ministè yo pa t jwenn okenn prèv ki kapab kote rapò ministè afè etranjè (MAE) te pwodui a anba oryantasyon ansyen minis Claude Joseph.

Finalman, mouche Bocchit deklare obligasyon li gen pou fè rezèv kòm gwo fonksyonè leta, pèmèt li pa di plis bagay sou sijè a. Li sèlman prezante yon eleman nan ansanm nan, se pou defann lonè li ak gwo angajman sitwayen li pran pandan 32 lane nan sèvis piblik pou Ayiti, nan kondisyon trè, trè difisil.

N ap raple, Edmond Bocchit ki te anbasadè Ayiti a nan Washington, te revoke madi 02 me 2023 a. Yon revokasyon ki te fèt sou baz divès akizasyon koripsyon mesye Edmond ta gen sou do li, selon tout enfomasyon ki disponib. Se diplomat Louis Harold Joseph ki ranplase li.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841