Jounen jedi 25 me 2023 a, Lapolis nan komin Laskawobas mete men nan pat kasav prezime bandi Roger Bosquet alyas ougan Junior, ki akize de vòl ak zam nan men l, asosiyasyon malfetè. Rocher akize tou kòm youn nan moun ki fè pati gang ki te tonbe nan zòn Lakòlin nan, pandan bandi yo t ap pran plezi yo.

N ap raple, nan kad yon operasyon lapolis te mennen nan sware dimanch 12 fevriye 2023 a nan lokalite Lakòlin, dezyèm seksyon Wanpa komin Laskawobas, 4 prezime bandi pèdi lavi yo 3 gason ak yon fanm. Selon kèk sitwayen ki te sou plas, prezime bandi yo t ap sikile sou yon machin ki te gen yon motolit ki t ap gide l. Chofè moto a te rive chape poul li. Yon demwazèl 17 lane ki te soti blese, toujou nan operasyon an, te ale pran swen lopital HUM.

Machin polisye te pran nan operasyon Laskawobas la 12 fevriye 2023 a

Selon Roger, Mario ki se te youn pami prezime bandi ki te mouri Lakòlin yo nan operasyon lapolis la te mennen an, te manke touye l, dayè li te menm resevwa yon bal nan men Mario, men li te sove kite peyi a pou ale pran refij Repiblik Dominikèn.

Li esplike tout sa pase aprè lapolis te fin sezi machin li ki te nan men prezime bandi yo epi boule kay li rapyetè. Pi lwen, li di li te genyen menm yon sèkèy lajan anndan badji li ki boule.

N ap siyale, machin Leksis koulè ble fòs lòd yo te pran pandan operasyon kote yo ti fizye divès prezime bandi yo, machin sa a se pou Roger Bosquet, ki rete li menm nan zòn Sarazen. Pou kounye a, li nan men lapolis k ap fè pouswit nesesè yo.

Laskawobas Wisnic Rondeau, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841