« Gouvènman Ayisyen an pa t janm mande entèvansyon militè pou kraze gang yo, men yon sipò solid. Se sa Ariel Henry deklare mèkredi 24 me 2023 a, ki make fen fowòm sou divès pwen HCT a reyalize ant madi e mèkredi sa a nan otèl Karibe, Pòtoprens an AYITI. Ariel fè deklarasyon sa yo 6 mwa aprè li menm ankò te fin mande blan an yon èd militè.
Nan yon rezolisyon Ariel Henry te siyen jedi 6 oktòb 2022 a, gouvènman an te trè klè: yo te montre enkapasite gouvènman an pou pote solisyon ak kriz Ayiti a, enkapasite ak enkonpetans fòs polis la pou fè fas kare ak gang yo, echèk tout sektè yo nan peyi a. An gwo, yo te avili peyi a, mete l toutouni devan blan an, nan objektif pou yo te ka jwenn yon asistans militè.
Fowòm Wo Konsèy Tranzisyon an (HCT) 23-24 me 2023 nan otèl Karibe Pòtoprens an Ayiti.
Se pa t sèlman Ariel Henry ki te solisite èd sila. Nan dat ki te 28 novanm 2022 a, Direktè Jeneral Lapolis Ayiti a, Frantz Elbé, te deklare ouvètman peyi a nesesite èd yon fòs militè etranje, pou ede yo jere kesyon ensekirite a galopant sila ki pratikman depase yo tout; malgre premye atribisyon yo se pwoteje ak sèvi popilasyon an kòm sa dwa.
Nan yon tèks jounalis e teknisyen an devlopman lokal, Sadrax Ulysse, te pibliye sou menm lanse a nan dat 26 oktòb 2023 a, li te ekri konsa: « Blan an chita sou dosye Ayiti a, li jwe ti jwèt sourit ak chat, li laloz kò l nan poze kesyon, kilès ki pral mete klòch la nan kou chat la? Men se pa yon sekrè, puiske entènasyonal la toujou ap jwe jwèt woule m de bò sa yo fas ak tout difikilte Ayiti ap konnen yo. »
Pou anpil sitwayen k ap reflechi sou dènye soti Ariel fè nan fowòm HCT a, yo kwè PM nan konpòte l kòm yon agranman ki chanje koulè achak fwa sa nesesè. Yo kwè tou Ariel se yon defakto enkoyeran, ki pa gen anyen pou wè ak peyi nan kalandriye politik obskirantis (fè nwa) l ap aplike a.
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.