Lapolis anonse yo mare tankou krab Sis (6) bandi ki fè pati gang 5 Segondè lan k ap opere nan vilaj de Dye. Sa pase nan aswè jedi pou louvri vandredi 26 me 2023 a nan lokalite Grand Boucan, yon vil ki sitiye nan depatman Nip an Ayiti.

Bandi sa yo se: Jahnesta Milfort, alyas Djadji, ki gen 18 lane, Cerisier Gina 37 lane, Guyvens Cerisier, alyas Bòs solo 35 lane, Wildord Salvadon, alyas Trip kòde 28 lane, Jonel Fougette 35 lane ak Anderson Desire, aka Sonson 18 lane.

Daprè youn nan bandiyo, yo tout nèt se manm aktif ki t ap evolye nan nan gang 5 Second lan ki trouve li nan vilaj de Dye.

Pandan arestasyon sila, fòs lòd yo te jwenn plizyè bagay nan men bandi yo: 423 dola ameriken, 447 535 goud, Sis (6) telefòn selilè, Twa (3) sovgad ak De (2) kat idantifikasyon nasyonal.

Pou moman sa a, yo mete yo nan gadavi anba sipèvizyon lapolis, annatandan yo antreprann pouswit legal ki nesesè yo.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841