Nan okazyon fèt Manman yo an AYITI, Jij sipleyan Tribinal seksyon Sid vil Gonayiv la, Majistra Esther Lebreton, distribye yon kantite kit ijenik ak sanitè bay divès Manman nan Lopital Lapwovidans Gonayiv ak kèk lòt Manman ki souvan lokalize yo devan katedral Gonayiv la. Se dimanch 28 me 2023 a ki make fèt Manman yo Jij la te fè jès sila.

Majistra Esther Lebreton nan entèvansyon l deklare « se ak yon santiman lajwa li prezan nan gran jou sa pou vizite Manman yo nan Lopital Lapwovidans ak pòv yo, epi fè ti pale ak yo pou di yo lavi pa fini menmsi yo pa jwenn ankadreman bò kote otorite yo nan peyi a.

Majistra Esther Lebreton

Majistra Esther di lide l se wè tout Manman ankadre nan sosyete a pou vakye ak aktivite ekonomik yo. Li di li swete Manman yo bòn fèt ak yon souri sou lèv li menmsi peyi a ap viv divès kalite pwoblèm.

Pi lwen, jij la di se ak fèb mwayen l li reyalize aktivite sa pandan l fè konnen lane k ap vini l ap travay pou fè plis Manman ak moun k ap mande devan katedral souvni Gonayiv la touche pa menm aktivite sila.

Divès nan manman benefisyè yo pa t mete dlo nan bouch yo nan okazyon an pou felisite ak remèsye Jij Esther Lebreton pou kit ijenik ak sanitè sa yo li fè yo jwenn nan jou espesyal yo. Manman deklare, yo swete Majistra Lebreton pase wè yo ankò pou pote kichòy pou yo nan yon lòt okazyon.

Fèt Manman an Ayiti, yon dat ki pase prèske inapèsi pou gouvènman Ariel Henry ap dirije a, puiske gouvènman an pa fè anyen pou make dat sila.

Israël CEDIEU, centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841