Nan Yon rankont ak laprès aprè- midi lendi 5 jen 2023 a ki se jounen Mondyal anviwonman an, Direktè Depatmantal Ministè anviwonman nan Latibonit Agwonòm, Manus Acceus, deklare okenn aktivite pa t rive make jounen sila nan depatman Latibonit, espesyalman nan vil Gonayiv se koz lapli k ap tonbe sou tout peyi a ki rive inonde kèk depatman.

Nimewo 1 DDAE a te pwofite okazyon an pou fè konnen biwo l ap dirije a ap entèvni sou 3 komin sa yo depatman Latibonit peyi ki se : Gonayiv, Enri ak Sen-Michèl Delatay.

Li fè konnen tou travay li ye ak kesyon tretman ravin yo pou diminye dlo k ap soti nan basen vèsan yo, nan kad Pwogram sosyal gouvènman an .

Israël CEDIEU Gonayiv, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841