Nan yon kominike biwo kominikasyon primati Ayiti mete deyò madi 20 jen 2023 a, yo fè konnen premye minis defakto Ayisyen an, Ariel Henry kite peyi a pou al patisipe nan somè finans peyi Lafrans ap òganize soti 22 pou bout 23 an nan kapital peyi Lafrans Pari.

Ariel Henry, minis ekonomi ak finans lan Michel patrick Bois Vert ak kèk lòt kolaboratè deja kite peyi a pou al patisipe nan somè ekonomi, finans, Devlopman, klima, ak sante Mondyal. Ariel Henry pral patisipe ak plizyè lòt chèf Leta ak chèf Gouvènman sou sitiyasyon kritik peyi Ayiti a.

Biwo kominikasyon an anonse tou, se aktyèl minis sante piblik la, Doktè Alex Larsen, k ap asire enterima premye minis peyi a nan absans Ariel. Pou divès sitwayen, chwa Alex Larsen nan ki gen 85 lane pou asire enterima pòs premye minis, se yon lòt souflèt Ariel bay tout peyi a.

Èske chwa Alex Larsen kòm pm a.i pou asire absans Ariel Henry nan tèt peyi a se yon chwa ki baze sou konfyans oubyen se pou kontinye detrakte règ pwotokòl diplomatik Ayiti a ?

Washington FLORVIL, Centre a la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841