Direktè medikal lopital Sainte-thérèse Ench lan, Prince Pierre Son-Son, ak Denis Jean-Baptiste ki se Diretè depatmantal MSPP, rankontre ak laprès maten madi 20 jen 2023 a, pou founi detay sou lamò madam Wiseline JEAN, 41 lane, ki pèdi lavi li lopital la tou ansent.

Responsab yo demanti enfòmasyon k ap sikile sou rezo sosyal yo, ki fè kwè Wiseline mouri se akoz li pa t jwenn sèvis lopital la. Yo kritike sitwayen «Chera Etienne» k ap viv aletranje, yo di ki ap detounen lespri popilasyon an, pou fè kwè se absans ak neglijans medsen ak enfimyè yo ki koz Wiseline Jean rive mouri, kote pitit la tou mouri nan vant li koz yon timè nan matris li.

Responsab yo ki demanti enfòmasyon sa yo, kalifye sa kòm kanpay de destabilizasyon kont bon fonksyònman lopital la, malgre tout difikilte l ap andire.

Responsab yo ki pale de (mas) sa a ki te andan dam nan onivo matris li a ki koz bebe a mouri nan vant li san konte lòt konplikasyon, malgre l te plis kontante l ap swiv tretman nan lopital prive, e se nan dènye tan yo li vin lopital Sainte-thérèse nan Ench. Responsab lopital la kontinye pou di se yon sonografi ki revele l problèm nan aprè 6 mwa grosès.

Reskonsab lopital la fini pou di medsen yo te fè tout sa ki te depann de yo pou te bay lavi ak pasyan an, men malerezman yo pa t reyisi.

N ap note, Wisline Jean se yo nòmalyèn, li mouri ak tout yon piti nan vant li aprè l te fin rive lopital Sainte-Therèse nan vil Ench. Li te rive lopital la vandredi 17 jen 2023 a.

Jacquelin NAPOLÉON, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841