Jounen madi 20 jen 2023, akonpaye de divès minis nan gouvènman l ap dirije a, Ariel Henry chita pale ak yon gwo delegasyon ki reprezante UNICEF ak PAM, nan kad yon vizit y ap fè an Ayiti. Vizit Madam Cindy Lou Hensley McCain ak Madam Catherine Russell ak prezide, selon primati.

Kòm toujou, echanj yo te konsantre sou divès pwen kle tankou: Sekirite, Eleksyon, Èd imanitè, Ranfòsman koperasyon nan domèn imanitè….

Ariel Henry te renouvle detèminasyon gouvènman l lan pou pote lapè ak estabilite nan peyi a, ki se kondisyon esansyèl pou devlopman politik ak ekonomik nasyon an.

Reprezantan PAM ak UNICEF te rann yon gwo omaj pou efò gouvènman Ayisyen an ki fasilite livrezon èd nan zòn ki lwen ak/oswa ki gen gwo risk nan peyi a.

Finalman, Ariel te eksprime kèk enkyetid konsènan sitiyasyon ensekirite ki genyen nan peyi a, kote tout vizitè yo te plede pou yon pi bon akò k ap dire plis tan ant estrikti gouvènman an ak ajans Nasyonzini yo.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841