Divès medya, pami yo radyo «Éclair» anonse madam Yael Johana Clerié Zriek ki te konn ap kase ponyèt machann pou pran lajan, ale nan prizon lendi 19 jen 2023 a, aprè komisè gouvènman Pòtoprens lan, Elder Guillaume, fin tande l sou divès akizasyon plizyè viktim fè kont li. Se Mèt Caleb Jean-Baptiste, avoka 2 nan viktim yo, ki te fè posedi legal yo pou lajistis te rive arete madanm nan jedi pase a nan Pèlren, tou prè anbasad Georgia.

Selon Mèt Caleb, Johana se yon dam k ap mache pran lajan nan men sitwayen, li resevwa lajan nan men divès komèsan ak antreprenè. Li di yo li gen ajans, li gen mezon dechanj, li se ajan otorize, li kapab ede yo jwenn dola pou yo al achte. Se konsa li rive pran lajan nan men machann pwovizyon alimantè sa yo pou kontinye anrichi tèt li.

Mèt Caleb Jean-Baptiste

Pi lwen, mèt la di 2 nan viktim li yo se madam Nike Léger ak Mirlande Serrant ki, yo menm sèl, pèdi plis pase 200 mil dola ameriken, tout kòb sa a se madam Johana menm ki pran l nan men yo. Li fè konnen tou genyen divès lòt kabinè avoka, tankou Kabinè «Équité et Droit» avèk mèt Witly Joseph, kabinè mèt Mario Dercy, kabinè Canova Jean-Baptiste ak divès lòt kabinè ki te gen dosye kont madam Johana.

Mèt Caleb Jean Baptiste fè konnen kit yon moun te wouj, kit li te nwa, depi l gen prèv kont li kòm moun k ap fè sa k pa sa nan peyi a, ki pran Ayiti kòm yon savann, l ap fè tout pwosedi pou fè lajistis mete moun sa a anba kòd. Li fè deklarasyon sa yo aprè bawo Pòtoprens te fin pran sanksyon kont li.

Batonye lòd Avoka yo an AYITI, Mme Marie Suzy Legros

Yon lòt kote, Madam «Marie Suzy Legros» ki se aktyèl batonye lòd Avoka yo nan Pòtoprens ki te ranplase mèt Dorval, fè konnen Mesye Caleb ki fè videyo a pa enskri nan okenn lis avoka nan egzèsis ki la a. Anba kout plim madam Suzy, konsèy lòd avoka yo nan Pòtoprens kondane konpòtman sila a ki chape anba nòm yo. Se nan sans sa a konsèy la anonse yo sanksyone mèt Caleb pou 6 mwa.

N ap fè konnen, sou divès radyo nan kapital peyi a, Pòtoprens, mèt Caleb Jean-Baptiste fè konnen fanmi madam Johana te ofri li 100 000 dola pou li kite dosye a tonbe, lajan avoka a di li te kategorikman refize.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841