Nou pral chita ak patnè entènasyonal nou yo pou mande premye Minis Ariel Henry, Wo konsèy Tranzisyon an (HCT) ak lòt aktè ki nan politik, sektè relijye, ekonomik ak lòt moun ki nan sosyete sivil la pou lanse yon dyalòg serye pou rezoud kriz la. Se sa chèf diplomasi amerikèn nan ekri sou kont twitè li madi 20 jen 2023 a.

Sekretè deta Blinken kontinye pou li di: « absans yon fòs miltinasyonal pa ka bloke yon pwosesis dyalòg ant Ayisyen. Nou kontinye rete kwè yon pwosesis dyalòg politik ant Ayisyen e pou Ayisyen, pou jwenn yon solisyon ak kriz la pa plis dirab pou Ayiti.

Sou dyalòg ki sot dewoule nan peyi Jamayik la, chèf diplomasi a di dyalòg yo dwe kontinye pandan li te pran kòm referans yon deklarasyon premye minis Baamas la te fè aprè somè CARICOM nan, kote li te deklare: « l’échec est synonyme de plus de souffrance et de mort. L’échec ne peut être une option. »

Premye Minis Ariel Henry li menm sou kont twitè li deklare madi sa a, li menm ak HCT a pral travay pou pase men nan konstisyon an, elaji HCT a pou fasilite entegrasyon lòt moun, chanje kabinè ministeryèl la epi mete sekirite pou eleksyon fèt.

Yon lòt pa, peyi Kanada di aprè rejè peyi Repiblik Dominikèn fè sou koze pou l ta aksepte yon biwo Kanada la kay li pou ede polis Ayisyèn nan, y ap chache yon lòt peyi ki tou pre Ayiti pou fè sa.

Sadrax Ulysse, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841