Jounen lendi 19 jen 2023 a, Ariel Henry ki se premye minis defakto k ap dirije Ayiti a di li pwomèt pou li menm ak manm Wo Konsèy Tranzisyon HCT, lanse pwosesis revizyon Konstitisyon an, pou l fòme yon gouvènman inite nasyonal e pou l travay ak patnè akò 21 desanm 2022 a, nan lide pou grandi konpozisyon HCT, pou enkli lòt konpatriyòt.

Pi lwen, Ariel fè konnen li kontinye repete volonte inebranlab li pou li fè tout sa ki posib pou retabli yon anviwonman ki chaje ak sekirite, chache mwayen pou ranfòse fòs polis la, mete kanpe yon Konsèy Elektoral Pwovizwa ki enspire konfyans, yon fason pou bay pèp Ayisyen an vwa pou eli dirijan li vle yo ak tout libète sa nesesite.

N ap note, se pa premye fwa premye minis Ariel Henry ap pale de kesyon chanje konstitisyon peyi a:

Men sa PM nan te pibliye ant mas ak me 2023 a «Nou pral oblije chwazi kèk pèsonalite kredib pou nou mete kanpe yon KEP, k ap responsab pou prepare ak òganize yon konsiltasyon popilè pou valide chanjman tout moun vle wè fèt nan Konstitisyon nou an e pou òganize eleksyon jeneral yo.»

Se pa t sèlman ane sa a, puiske byen anba, Ariel te deja anonse l ap chanje konstitisyon peyi, nan dat 8 septanm 2021, men sa li te deklare: «Plizyè kriz politik nou te fè eksperyans nan dènye deseni yo, andikap sa a konstitye pou bon fonksyònman enstitisyon piblik yo, se agiman serye anfavè yon nouvo konstitisyon.»

Puiske yo konnen li pa gen okenn lejitimite pou chanje osnon touche konstitisyon peyi a, men kesyon sitwayen Ayisyen yo pa sispann poze, èske efektivman Ariel Henry tounen Wa Henry II an Ayiti ?

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841