Prezidan Repiblik Venezuela a, Nicolás Maduro, fè lwanj Samdi sa a pou batay pèp la mennen pou mete kanpe Venezyela men nan men ak gouvènman nasyonal la.

«Chak jou n ap viv pwogrè peyi nou an epi n ap reyalize li ak efò ak travay ansanm, men nan men ak yon pèp konsyan, vanyan e k ap goumen,» te di prezidan an atravè yon mesaj afiche sou Twitter, konsènan lit lap mrnnen chak jou, pèp la ak Gouvènman Bolivaryen an fè fas ak divès advèsite ki te pwodwi pa mezi korektiv inilateral Etazini (USA), ki te simonte pou ranfòse kwasans peyi a.

Dènyèman, Chèf Leta a te mete aksan sou Venezyela l ap dirije a nan direksyon yon faz ekspansyon ak kwasans reyèl, ki pwodui manje, byen ak richès pou pèp la, se poutèt sa li te ensiste sou enpòtans ki genyen nan ranfòse 18 motè yo nan Ajanda Ekonomik Bolivaryen an, pou kontinye kwasans lan nan ekonomi an pou li pa depann sou revni petwòl yo genyen an .

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar