Atis Kodak Black ki se yon rapè Ameriken ki gen orijin Ayisyen, trè rich, ta vle vini prezidan Ayiti pou mete yon fen nan politik koripsyon k ap ravaje peyi a epi fè bonjan devlopman. Atis la fè deklarasyon sila pandan yon entèvyou li te genyen ak «Whoolywood Shuffle» (DJ Whoo Kid). Rapè a te genyen yon chèn ki genyen pòtrè ansyen prezidan Donald Trump kòm meday nan kou li pou temwaye lanmou li ak gratitid li pou ansyen prezidan an, nan moman li t ap bay entèvyou a. Chèn saa genyen yon valè 10 000 dola ameriken.

Rapè Kodak Blak deklare li genyen ase konpetans ak eksperans politik pou li kapab mennen peyi a nan bòn direksyon pandan l ap mete fen nan koze koripsyon an. Li kontinye pou li di l ap pran pouvwa ak yon sitiyasyon finansyè solid, sa ki p ap lese li tante pa koripsyon. Kodak kontinye pou di mwen vle rasire tout sipòtè m yo entansyon pou mwen vini prezidan epi chanje Ayiti dayè fason mwen sipòte moun ka prouve sa nan aksyon imanitè mwen poze yo.

Mwen renmen prezidan Donald Trump anpil e li se sous enspirasyon m. Prezidan an montre m li fè m anpil konfyans lè li te deside fè m gras lage m pou te sòti nan prizon nan lane 2021. Mwen genyen li rekonesans. Se sa rapè a deklare.

Entèvyou sa DJ Whoo Kid reyalize ak Kodak Blak la dwe difize semèn ki ap vini la kote anpil moun ap rete tann kòman rapè a pral defann lide sa a li genyen an.

Anpil atis ayisyen pa sispann fè chwa rantre nan politik la. Genyen ki te depite, senatè, kite menm rive prezidan. Wyclef Jean te kandida pou pòs prezidan deja, Michel Joseph Martelly te rive eli prezidan epi Kodak Blak genyen anvi a tou.

Kodak Blak ki genyen bon non li Dieuson Octave li fèt nan lane 1997 nan vil Pompano Beach Etazini.

N ap raple Kodak Black klase pami meyè rapè Etazini. “Dying to love” se youn nan albòm li genyen ki te fè anpil siksè. Nan lane 2016 atis la te enplike nan yon skandal agresyon seksyèl nan Karolin disid, menm ane a nan mwa avril lapolis te arete li paske li t ap sikile ak zam plis marigwana kote li te peye lajan pou li te ka jwenn liberasyon li. 11 me 2019, li te arete yon lòt fwa Rolling lourd pandan li ta pra l jwe nan yon festival kote li te peye 550 000 dola ameriken pou li te kapab libere. Yon mwa aprè yon jij federal te anile desizyon liberasyon sou kosyon an, Jij la te deklare atis la se yon danje sosyal. aprè li te kondane paske l te falsifye yon dokiman pou li te achte zam, lajistis te kondane l pou l pase 3 lane nan prizon nan mwa janvye 2020 prezidan Donald Trump te fèl gras prezidansyèl aprè li te gentan fè pliske yon lane prizon. Resaman nan lane 2022 lapolis ta pral jwenn atis la santi marigwana lè yo fouye l yo jwenn li genyen yon sal ki te genyen anviwon yon trantèn konprime ki se dròg plis 75 000 dola lajan likid.

Yon nouvèl ki deja sisite anpil komantè sou rezo sosyal yo kote anpil moun ap tann entèvyou saa pou tande agiman atis la.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....