Kanada finalman pran tèt yon operasyon pou kowòdone èd entènasyonal Ayiti te solisite a, san pou otan yo p ap mete pye yo an AYITI. Pou fè sa, Gouvènman kanadye an pral ouvri yon biwo nan peyi Repiblik Dominikèn, k ap gen prensipal manda pou satisfè bezwen Polis Nasyonal Ayiti a (PNH), sèl fòs ki ka entèvni pou retabli lapè nan peyi a. Se sa manm gouvènman an pibliye jedi 15 jen 2023 a.

Depi plizyè mwa, Lèzetazini t ap pouse pou Kanada dirije yon fòs miltinasyonal pou entèvni an AYITI. Kanada te toujou refize deplwaye twoup li yo e te di olye de sa, y ap chache yon solisyon ak Ayisyen yo pou Ayisyen yo.

Se poutèt sa Minis Afè Etranjè a, Mélanie Joly, rive ak konpwomi sa a. Gouvènman an ap envesti 20 milyon dola pou l louvri yon biwo sou teritwa dominiken an, ki pral tounen entèlokitè ant kominote entènasyonal la ak otorite Ayisyèn yo.

Se konsa, ekip Kanadyen an pral kowòdone efò pou bay ekipman, lajan ak fòmasyon Ayiti tèlman bezwen. Nan yon ti tan tou piti, gouvènman kanadyen an pral voye yon ekip nan Pòtoprens tou, pou travay ak otorite Ayisyèn yo. Biwo Minis Joly di y ap ofri asistans sa a toutotan yo konsidere l nesesè.

Selon Henri-Paul Normandin ki se ansyen Anbasadè Kanada an Ayiti soti 2010 pou rive 2013, «solisyon pou kite Ayisyen yo rezoud kriz peyi a ap konnen yo pwobableman pi efikas pase yon prezans yon fòs miltinasyonal. Se yon fason konkrè ak pragmatik pou sipòte Ayiti. Sipò pou Polis Nasyonal Ayiti a, mwen panse se yon bagay esansyèl ki dwe fèt nan moman sa a. Se sèl fòs k ap evolye an Ayiti yo ki gen kapasite pou fe entèvansyon.»

Konpwomi Kanadyen an pa gen anpil chans pou fè plezi ak premye minis Ayiti a ki se Ariel Henry. Ariel ap sipliye Nasyonzini depi kèk mwa pou l mete an mouvman yon fòs entèvansyon entènasyonal pou mete fen nan vyolans ki te touye plis pase 600 moun nan mwa avril 2023 a sèlman, daprè Biwo wo Komisyonè Nasyonzini pou dwa moun yo. Men, Kanada refize dirije yon fòs miltinasyonal, kidonk sa a se yon fason pou Kanada asime lidèchip li.

Reyaksyon PM Ayisyen an ki se Ariel Henry pa ta dwe enkyete minis Joly. Demann Premye Minis Henry a pa inanim an Ayiti, tout Ayisyen pa aksepte l, kidonk gen anpil moun ki konsène vle solisyon an se responsab Ayisyen yo, nan filozofi pa yo, ki pou ede AYITI rezoud pwoblèm yo. Konsa anbasadè Normandin te kontinye eksprime l.

Tou suit aprè anons kadana fè pou mete yon biwo an repiblik dominikèn pou ede Ayiti a, pòt pawòl prezidans Sendomeng lan Homero FigueroaG deklare Sendomeng pat janm aksepte ni yo pa pral aksepte nonplis pyès inisyativ ki pral afekte souvrènte peyi yo.

Rezoud pwoblèm ensekirite a an Ayiti, se youn nan pi gwo priyorite chak grenn Ayisyen swa k ap viv nan peyi a oubyen aletranje genyen.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...