Pandan Ameriken yo kontinye fè divèsyon sou lanmò ansyen prezidan Jovenel la, Martine Moïse pale e fè divès revelasyon ki ka bay anpil moun kè sote

Pandan yon odyans ki fèt nan peyi Etazini (Floride) madi 20 jen 2023 a, jij José E. Martínez ki okipe dosye sila ranvwaye jijman an pou lòt ane. Ki vle di, Ayiti ap oblije tann jiska mwa me 2024 pou konnen santans tout sitwayen ki nan prizon Ozetazini, ki enplike dirèk oubyen endirèkteman nan lanmò ansyen lokatè palè nasyonal Ayisyen an.

Jij Martinez pran desizyon sa a an konsiltasyon ak avoka divès akize yo, ki te gen yon rankont miskle ak jij la konsènan enfòmasyon pwosedi yon lwa klasifikasyon yo rele CIPA. Daprè jounal «Voa Creole», jij ki pran desizyon sa a se José E. Martínez kondane Rodolph Jaar pou lavi 2 jen pase a.

Ariel Henry ak Claude Joseph, 2 dènye premye minis ansyen prezidan Jovenel Moïse yo

Yon lòt kote, Martine Moïse ki se madan ansyen prezidan Jovenel ki t ap pale sou televizyon «France 24» nan jounal «L’entretien» jounen madi 20 jen 2023 a, deklare «gouvènman Ariel Henry a ta patisipe nan touye Jovenel Moïse. Kòm gen ankèt ki ap fèt, li p ap di plis, m ap tann ankèt yo revele tout bagay.»

Martine Moïse, madan ansyen prezidan Jovenel Moïse

Pi lwen, reskape 6-7 jiyè 2021 an a fè konnen gen gwo avanse ki fèt sou lanmò prezidan an,yo deja genyen yon lide de ki moun ki touye Jovenel Moïse, men «Li p ap janm di anyen sou sa», l ap kite ankèt ki ankou a di kiyès ki fè kisa. Madam Martine fini entèvyou a pou di : «La vérité verra le jour».

Patizan ak senpatizan ansyen prezidan Jovenel Moïse ki endiyite anpil e ki swete wè defen an ak tout fanmi li jwenn jistis, pa sispann mande jis kilè Ameriken ap sispann pase Ayisyen nan betiz nan kad dosye sila.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841