Ansyen senatè depatman latibonit lan,Youri Latortue ak Joseph Lambert ansyen, senatè Depatman Sidès ki te tou prezantan sena repiblik la riske pran prizon nan kad yon dosye koripsyon
Jij enstriksyon Marthel Jean Claude t ap trete aprè inite lit kont koripsyon Ayiti (ULCC) te depoze rapò ankèt li devan lajistis.

Nan òdonans sila Jij Marthel Jean Claude soti a, li bay lòd pou voye ansyen senatè Youry Latortue ale nan tribinal kriminèl pou detounman byen piblik, priz ilegal enterè. Epi Ansyen senatè Joseph Lambert ki te prezidan Sena a nan lane 2021 ki pat vle founi ULCC dokiman nesesè pou li te ka pousuiv ankèt la limenm, dwe ale devan tribinal koreksyonèl pou tèt li antrave lajistis.

Se nan dat 3 mas 2023 a, ULCC te devwale rapò ankèt yo te mennen sou ansyen Senatè Youry Latortue ki te prezidan Sena repiblik la ki te rive siyen yon kontra nan non pròp manman l Immacula Cantave pou 350 000 goud chak mwa. Te genyen 9 chèk ki te fèt sou non Madam Cantave, epi 8 nan chèk sa yo te depoze sou kont pèsonèl Senatè Youry Latortue.

Selon rapò ULCC a, se te nan mwa oktòb 2017 pou rive janvye 2020 Senatè Youry te angaje manman l ki genyen 81 lane kòm kòdonatris biwo l. ULCC presize salè chak mwa yon Senatè se 121 200 goud chak mwa poutan kòdonatris biwo Senatè a ap touche prèske 3 fwa kòb Senatè a ap touche limenm.

Toujou selon sa rapò ULCC a revele, Leta Ayisyen te pran an chaj 4 vwayaj manman Senatè a te fè nan peyi etranje plis 7 lòt nan diferan vil provens kote «per diem» Madam Cantave te monte yon total: en milyon swasant sis mil sèt koud ki te soti nan kès Leta

Senatè Joseph Lambert reyaji jedi 22 jen 2023 a pou di li pral fè apèl ak desizyon jij la pran an pou voyel nan tribinal koreksyonèl nan dosye kote senatè Youry Latortue te favorize pròp manman l pou te detounen lajan. Senatè Lambert di li t ap toujou genyen menm pozisyon saa si li te toujou aktyèl prezidan Sena a jodi a ankò.

Bò kote pa aktyèl direktè jeneral ULCC a Hans Jacque L. Joseph, li profite salye kouraj jij la ki pran desizyon sila. Li di se yon nouvo van ki ap soufle nan jistis ayisyèn nan, nan lit kont koripsyon. DG a fini pou li di Inite lit kont koripsyon Ayiti ( ULCC) trè preyokipe pou 29 ak 30 rapò ankèt yo genyen ki ap tann tretman lajistis.

N ap siyale daprè lwa 13 mas 2013 la sou koripsyon nan atik 4.5 li, Senatè Youry Latortue riske pran ant 3 a 7 lane prizon epi Senatè Lambert ant 1 mwa a 3 zan prizon.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....