Lapolis fizye twa (3) prezime gang manm 400 Mawozo nan echanj kout zam jedi 29 jen 2023 a vè 10 zè nan maten, nan vil Gantye, ki chita kò l nan awondisman Kwadèboukè. Pandan entèvansyon sa a, lapolis konfiske yon fizi M4 ak yon fizi kalib 12.

Selon responsab yo, entèvansyon lapolis la a swiv yon gwo tansyon ki te deklanche depi madi 27 jen pase a sou wout nasyonal #1 an, kote bandi yo te monte divès barikad pou anpeche sitwayen yo deplase libreman nan lapè.

Direksyon Lapolis Nasyonal Ayiti di li renouvle angajman li pou lite kont krim òganize sou tout fòm, pou re-kanpe lòd piblik ak lapè pou popilasyon an.

Pi lwen, lapolis anonse li blese mòtèlman 2 bandi, li arete 4 lòt moun, li sezi 5 motosiklèt ak yon zam. Sa pase pandan yon operasyon ki te fèt nan zòn Moleya 20 nan jounen lendi 26 jen 2023 a. Bandi ki tonbe yo se Benson Présendieu alyas « Sonson », 35 lane ak yon natif natal nan Gonayiv ki se Peterson Josué Norélus 31 lane. Se gwoup ame Kanaran an ki te apenn enstale dènye a kòm lidè gang nan lokalite Moleya ak Tibob, puiske y ap chache pwolonje bra yo nan plèn Kil de Sak.

Lapolis fè konnen sa fè lontan depi li t ap chache prezime bandi sa yo aktivman, ki patisipe nan kidnapin, ki gen nan posesyon zam ilegal. Nan menm okazyon an, fòs lòd yo di yo te arete kat (4) lòt prezime bandi epi sezi senk motosiklèt non prezime bandi sa yo se : Sait-Hilaire Rony alyas Bègòm, Saint-Hilaire Claude alyas Akiki, Charles Kervens ak Louis Charles Joseph.

Yon lòt kote, fòs lòd yo di yo arete Miguel Pacomb ki se prezime manm gang « 400 Mawozo », aprè yon vire ajans ankèt polis fwontyè tè a (POLIFRONT) t ap fè madi 27 jen 2023 a, vè 10:15 nan maten nan Lake Azuei, ki se liy fwontyè Ayiti ak Dominikani. Misye t ap ale kache nan peyi vwazen an. Selon fòs lòd yo, operasyon sa a te posib gras ak kolaborasyon popilasyon lokal la. Pou kounye a, Miguel Pacomb nan prizon pou aksyon legal ki nesesè yo.

Lapolis di tou li fè yon gwo kout filè, lòske li arete Samuel Merithone Laurore ki vyole yon minè. Se Brigad Pwoteksyon Minè (BPM/DCPJ) ki arete Samuel Merithone Laurore, 22 lane, pou vyòl sou yon minè ki gen sèlman 5 lane. Arestasyon sa a te fèt lendi 26 jen 2023 nan Taba 27, aprè yon plent te depoze e aprè yon egzamen medikal manman viktim nan te fè.

Aprè li te konfese reyalite yo, Samuel Merithone Laurore nan gad lapolis pou tann pwosedi legal ki nesesè pou fèt yo.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841