Nan depatman Sant, komin Sodo, Lapolis anonse li arete Waking Toussaint ki gen 37 lane ak Pierre Jean El Pride Junior ki gen 36 lane. Fòs lòd yo repwoche 2 mesye yo kòm manm gang Titanyen an, selon sa yon sous nan lapolis konfime jounal la 30 jen 2023 a.

Selon sa menm sous polisyè sa a fè konnen, arestasyon sila fèt ant jedi swa 29 pou louvri vandredi 30 jen 2023 a, paske mesye sa yo enplike nan divès zak atravè depatman Lwès ak Sant nan Sodo, espesyalman nan Titanyen, kote yo etabli katye jeneral yo.

Waking Toussaint Partho ki se moun Sodo, se yon manm aktif nan gang k ap opere nan zòn Titanyen, ki te patisipe nan asasina ak dezameman Rolack Georges nan dat 17 novanm 2022 a, nan lokalite Zoranje ki sou komin Kwadèboukè.

Pierre Jean El Pride Junior se moun Sodo, li se yon manb enfliyan nan gang Titanyen an tou. Li gen konivans ak moun sa yo ki fè pati gang lan lapolis ap chèche pou rive mete anba kòd.

Pou kounye a, 2 mesye yo fèmen nan gadavi nan vil Ench, selon yon sous jidisyè, pandan dosye yo ap prepare pou yo ale reponn kesyon devan enstans konsène yo pou swit legal.

Cenes JOSEPH, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841