Apre yon vizit kite dire kèk èdtan samdi 01 jiyè 2023 a nan peyi Ayiti, Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Mesye António Guterres, fè yon konferans pou laprès nan sal diplomatik Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture anvan li pran avyon pou retounen Nouyòk. Li te abòde plizyè sijè kle ki gen rapò ak sitiyasyon aktyèl la nan peyi a, tankou kesyon asistans entènasyonal ki ka ede peyi a fini ak fenomèn ensekirite jeneralize a.

Atravè konferans sa a, li eksprime enkyetid li konsènan kriz sekirite, ekonomik ak alimantè ke Ayiti ap travèse, Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Misye Guterres atire atansyon sou ijans ki genyen pou entènasyonal la ede peyi a fè fas ak gwo defi sa yo. Sitiyasyon prekè ki genyen nan peyi sila .

Demann pou yon fòs entènasyonal sipòte Ayiti te nan kè diskisyon yo Misye Guterres te fè ak otorite ayisyen yo, tankou aktè politik yo ak sosyete sivil la. Inisyativ sa a gen pou objaktif pou bay plis asistans pou rezoud pwoblèm ijan peyi a ap fè fas.

selon sa li rakonte :»zak gang yo vin pi grav, kote majorite Ayisyen vin vinerab. Sitiyasyon an Ayiti enkyete nou tout. Mwen kontinye mande Konsèy Sekirite a pou otorize deplwaman imedya yon fòs sekirite entènasyonal solid pou ede Polis Nasyonal Dayiti nan batay kont gang,” Mesye Guterres te di.
Anplis de sa, pwoblèm Nasyonzini an te abòde pwoblèm vyolans seksyèl gang yo fè nan kèk katye nan zòn metwopolitèn Pòtoprens. Li te fòtman kondane zak babari sa yo, denonse itilizasyon laperèz ak ensekirite kòm taktik pou simen laterè nan mitan popilasyon an.

Sekretè Jeneral la mete aksan sou nesesite pou retounen nan lòd demokratik nan peyi a. Fè fas ak ajitasyon politik ki souke estabilite Ayiti a, Misye Guterres mande Ayisyen pou yo antre nan yon chimen politik enklizif pou òganize eleksyon transparan epi retabli lòd konstitisyonèl la, paske se ayisyen ki pou jwenn yon fason pou sòti nan kriz atravè yon akò politik.

Malgre anpil moun k ap fè politik nan peyi a toujou ap fè pwomosyon pou dyalòg, men yo pa janm montre yo gen volonte pou sa tout bon vre !
Eske se konprann yo pa konprann nesesite nou genyen pou rezoud kriz kap brase bil peyi a ?

JOSEPH Cenes ,Centre à la UNE
josephcenesjoseph@gmail.com

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841