Biwo Kominikasyon Primati fè gran piblik la an jeneral, ak laprès an patikilye konnen premye Minis Ayiti a, Ariel Henry, kite peyi a maten lendi 03 jiyè 2023 a, pou ale «Trinidad and Tobago», kote li dwe patisipe, sòti 3 pou rive 5 jiyè sa a nan 45èm reyinyon Chèf Leta ak Gouvènman Caricom yo.

Pandan rankont sila Ariel pral patisipe a, l ap pwofite fè plizyè lòt rankont bilateral (ak lòt pati).

Premye minis Ariel Henry ap patisipe tou nan yon aktivite pou selebre 50èm anivèsè siyati Trete «Chaguaramas» la, ki te kreye òganizasyon «Caricom» nan dat 04 jiyè 1973.

Primati souliye tou an absans Ariel Henry, se Minis Ekonomi ak Finans lan, Michel Patrick Boisvert ki asire enterima a.

Èske o final pèp Ayisyen an kapab espere yon ale mye nan moute desann Ariel Henry ap fè pasi pala yo ?

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...