Komisè gouvènman Pòtoprens lan, mèt Edler Guillaume, fè bilan premye mwa travay li nan tèt pakè pòtoprens.

Lendi 03 jiyè 2023 a, fè Mèt Edler Guillaume anviwon yon mwa nan tèt pakè pòtoprens. Nan yon kominike Ministè Jistis ak Sekirite Piblik mete deyò mèt Edler Guillaume retrase bilan premye mwa satisfaksyon li nan tèt pakè a.nike air jordan 11 best nfl uniforms best sex toy the rose sex toy wigs stores red wig nike air max 97 womens Adult Sex Toys custom uniforms nike air max plus nike air max 97 black cheap jerseys best jordan shoes cheap wigs jordan’s store

Kominike sila note pwen aprè pwen reyalizasyon mèt Edler Guillaume pou premye mwa travay la nan pigwo jiridiksyon peyi a:
1- Amenajman biwo ak sekretariya komisè gouvènman an
2- Ranfòsman sekirite pakè
3- Repriz odyans koreksyonèl yo

  • 24 Syèj koreksyonèl reyalize
  • 48 dosye tande
  • 51 moun jije
  • 68 moun libere, 42 odyans koreksyonèl, 16 vizit
  • 9 moun kondane ak 66 dosye jwenn jijman pou Asiz kriminèl san asistans jiri.
  • 26 syèl sivil reyalize
  • 67 dosye klase san suit.
  • 56 rekizitwa
  • 11 akizasyon redije ak 27 dosye k al nan koreksyonèl.

4- Diferan vizit nan komisariya, sou- komisariya, prizon sivil pòtoprens, Cermicol ak prizon fanm yo.

5- Repriz aktivite pèmanan nan pakè pòtoprens

6- Kreye yon komisyon pou fè suit sou dosye kite vadanlaze sou bisantnè a.

7- Netwayaj prizon sivil pòtoprens elatriye.

Selon sa divès sitwayen fè konnen, se tout koze sa yo lòbi mèt Guillaume ap fè ak bilan pay sa a, kote sitwayen yo konsidere sitiyasyon ensekirite a nan peyi a ak divès katye nan zòn metwopolitèn nan tankou Kafou fèy, Vilaj de Dye, Bèlè, Tèt bèf, Aviyasyon, se tèritwa pèdi.

Washington FLORVIL, Centre A La UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841