Leta Santral ta dwe transfere 230 milyon goud ki se 2 mwa ayere salè, pou pita mèkredi 5 jiyè 2023 a sou kont elektrisite Ayiti (EDH), pou peye anplwaye yo k ap fè grèv. Yon sitiyasyon ki lage yon bon pati nan peyi a nan blakawout.

Pou yon 2èm fwa, anplwaye santral idwo elektrik k ap travay Pelig yo an Ayiti, bloke santral la e tou lage yon bon pati nan peyi a nan blakawout pou egzije EDH peye yo plizyè mwa travay li dwe yo. Se nan dat vandredi 30 jen 2023 a, anplwaye yo pwofite de yon deklanchman pou kanpe santral la.Human hair Wigs jordan shoes online cheap jerseys best sex toys for couples custom jerseys new nike air max best wig outlet customize football jersey yeezy adidas wig outlet adidas yeezy slide custom wigs nfl shop eagles custom design jerseys cheap nfl jerseys

Sa gen kèk jou depi anplwaye yo te bloke kouran an pou plis pase 1 mwa, toujou nan kad revandikasyon y ap fè pou yo rive touche divès mwa EDH te dwe yo.

Responsab EDH yo te fè konnen administrasyon an pa genyen lajan pou peye anplwaye li yo, se sa ki fè se trezò piblik ki oblije entèvni pou debloke 230 milyon goud pou peye anplwaye yo.

N ap souliye, avan deklanchman jeneral rezo a, EDH te genyen 65 megawat kouran kote pelig te pwodui 36 epi E-power 29 megawat.

Finalman, ki desizyon responsab yo dwe pran, yon fwa pou tout, pou pwoblèm blakawout sa a rive rezoud nan peyi a, an patikilye nan Plato Santral ?

Sadrax Ulysse, Centre à la UNE

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....