Aprè li fin vizite peyi a, responsab Nasyonzini an, Antonio Guterres deklare li fèk tounen aprè yon vizit an Ayiti. Kondisyon yo dezespere, men solisyon yo posib si nou aji kounye a. Nou pa ka bliye pèp Ayisyen an. Tout mond lan dwe mobilize pou sa. Li deklare sa maten jedi 06 jiyè 2023 a.

Antonio kwè pa kapab genyen sekirite dirab san restorasyon enstitisyon demokratik yo, e li enposib pou reyalize yon solisyon « politik dirab » san yon amelyorasyon drastik nan sitiyasyon sekirite peyi a.custom basketball jersey nike air max excee womens nike air jordan women most popular nfl players custom jersey online 49ers Jerseys sex toys vibrators cheap jordan 1 adidas running shoes nfl jerseys custom nfl jerseys nike air max 90 sale ass sex toy nfl jersey for sale adidas online

Yon lòt bò, Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti BINHU fè konnen jodi a (jiyè 2023) genyen 5.2 milyon moun, ki gen ladan prèske 3 milyon timoun, ki bezwen asistans imanitè ak pwoteksyon an ijans. Ayiti gen youn nan pi wo nivo ensekirite alimantè nan mond lan, ak 4.9 milyon moun ki soufri de sa.

Biwo a kontinye pou di aktivite gang yo an Ayiti limite konsiderableman aksè ak edikasyon, manje, dlo, asenisman ak sèvis sante nan peyi a.

Chèf BINUH an an Ayiti ki se madam Maria Isabel Salvador, deklare depi lè l rive Ayiti a, li tande apèl pou yon sipò sekirite entènasyonal. Pi lwen, li kwè Fòs entènasyonal solid Ayiti bezwen an dwe konplete epi ranfòse, se pa ranplase, Polis Nasyonal Ayiti a, ak tout respè pou souverènte nasyonal Ayiti.»

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841