Aprè li fin patisipe nan 45èm reyinyon CARICOM ki sot reyalize ak chèf Leta ak gouvènman yo nan «Trinité-et-Tobago» kòm reprezantan espesyal Ayiti, Premye Minis Ariel Henry fè divès deklarasyon pandan jounen jedi 06 jiyè 2023 a ki sanble kontrè ak pawòl chèf Nasyonzini an, Antonio Guterres.

Ariel kòmanse mesaj li a konsa : «Nan semenn k ap vini yo, n ap kontinye, nan tèt ansanm ak tout aktè politik, sosyete sivil e sektè prive yo, fè sa nou te pwomèt yo. Nou pral elaji HCT a. Nou pral travay sou Konstitisyon an. N ap monte KEP a pou n al nan eleksyon. E n ap pase men nan gouvènman an».nike air max women nfl shop eagles adidas yeezy boost custom jerseys baseball cheap jordan 4 cheap sex toys glueless human hair wigs ass sex toy for man wigs near me buffalo bills apparel blonde wig cheap wig nike air max 270 women’s sale nike air jordan 4 best sex toy for couples

Pi lwen, li reyafime angajman li pran devan pèp Ayisyen an konsa:

«Mwen vle di tout frè m, tout sè m nan peyi Dayiti, sèl objektif gouvènman sa a genyen, se fè bon jan eleksyon pou remèt mayèt la bay pèp Ayisyen an, pou l chwazi moun li vle mete nan tèt peyi a».

Pou l fini, Ariel Henry pa t mete dlo nan bouch li pou l pa souliye akò pou lapè ki jwenn ant gang G-9 ak G-Pèp la : «Mwen vle di tout moun tèt frèt. Sèl inite e bon jan inite a, se pou nou tout met tèt nou ansanm, pou nou sòti peyi a nan sa nou ye a. Nou bezwen lapè, e se pa bandi k ap ba nou l. Nou bezwen sekirite, se pa bandi k ap ba nou l».

N ap siyale, pandan Ariel Henry pa sispann pale de eleksyon li pral fè nan peyi a, chèf Nasyonzini an, Antonio Guterres fè yon gwo kri alam pou entènasyonal la, prese prese, voye yon fòs miltinasyonal ede Ayiti.

Yon lòt kote, prezidan peyi Rwanda a ki se Paul Kagame, deklare semèn sa a Rwada prè pou patisipe nan èd militè sila, k ap gen pou objektif mete lapè nan tout peyi a fas ak gang yo k ap fè lalwa depi kèk tan nan peyi a.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...