Monitè enteryè bloke mach Ayisyen yo te planifye pou dimanch 09 jiyè 2023 a. Minis Vásquez Martínez fè konnen li ilegal pou etranje fè mach nan Repiblik Dominikèn pou kèlke swa motif la.nfl superbowl jordan shoes for sale baseball uniforms custom soccer jerseys wigs stores human hair wigs sales cheap human hair wigs custom jersey online wigs stores custom basketball jerseys cowboys jerseys best adidas shoes custom nfl jerseys custom jerseys football best lace front wigs

Ministè Enteryè ak Lapolis fè konnen la lwa entèdi etranje yo òganize aktivite ki ka afekte lapè sosyal, sekirite sitwayen oswa lòd piblik nan Repiblik Dominikèn.

Se minis enteryè a mesye Jesús Vásuez Martinez ki fè deklarasyon sila, atravè pòt pawòl li a, Ricardo Fortuna, konsènan apèl divès òganizasyon yo te fè pou manm dyaspora ayisyen an òganize yon mach, ki te planifye pou dimanch pwochen, nan objektif pou mande kominote entènasyonal la yon solisyon pou kriz imanitè ak sekirite kap brase bil Ayiti a.

Deklarasyon minis la baze sou sa ki ekri nan atik 122, paragraf 1, Lwa Jeneral Migrasyon Nimewo 285-04 la, selon minis enteryè a nan yon nòt pou laprès voye bay jounal divès medya lokal peyi sila.

Li fè konnen daprè dispozisyon legal aktyèl yo, Ministè Enteryè ak Lapolis p ap bay pèmi pou kalite manifestasyon sa yo fèt nan peyi a.
Desizyon an vini nan yon moman kote Ayiti ap fè fas ak yon kriz politik, ensekirite ak imanitè , moun kite pwograme mach sila se te pastè John Henry Santana ak Evèk Gregory Toussaint, atravè yon konferans pou laprès similtane soti nan Miami ak Tabernacle of God Church, sitiye nan Santo Domingo.


Mach la te prevwa pou Dimanch pwochen, il t ap demare nan midi e li te pwograme pou kòmanse nan kafou 27 de Febrero ak Manuel de Jesús Troncoso avni, nan Distri Nasyonal la, kote legliz Tabernacle of God la ye a.

Avèk entèdiksyon an, pou fè kalite manifestasyon sa yo, Ministè Enteryè ak Lapolis ratifye angajman li pou l rete fèm nan respè lwa Repiblik Dominikèn ak, sitou, nan sa ki tabli nan Lwa Jeneral Migrasyon an».

Selon sa divès Dominiken ak Ayisyen rakonte sou rezo sosyal yo espesyalman tiktòk, yo pa konprann pou se nan Repiblik dominikèn pou yo fè manifestasyon pou kominote entènasyonal pote solidarite ak pèp Ayisyen an k ap soufri depi plis pase 2 lane ?


Eske se pa meyè fason si moun sa yo ta al manifeste sou ti bout tè papa Desalin nan pito ?

JOSEPH Cenès , Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841