Ministè zafè etranjè mete yon kominike deyò ki chaje ak kontradiksyon

Nan yon kominike ministè zafè etranjè ak kilt mete deyò madi 11 jiyè 2023 a, responsab yo demanti ouvètman enfòmasyon jounal «Jamaica Gleaner» te pibliye, ki te di Ariel Henry mande pou Ayiti pa fè pati peyi ki ka vwayaje san viza nan peyi manm CARICOM yo.custom nfl jerseys nike air jordan red best mens sex toy nike air jordan shoes nike air max 90 colorways adidas yeezy slide stores nike air jordan 4 oil green nike air jordan 4 cheap nfl jerseys best human hair wigs for black females adidas yeezy foam runner mens stores nike air max new youth baseball jerseys original nfl teams nfl jersey sales

Se nan depi semèn sa a, jounal Jamaica Gleaner te rapòte apati 30 mas 2024, eksepte Ayiti, tout sitwayen peyi manm CARICOM yo ap ka vwayaje san viza nan tout peyi ki nan zòn nan. Se PM Ariel Henry menm ki di kriz k ap boulvèse Ayiti a fè Ayisyen p ap ka patisipe nan pwogram sila.

Se li menm menm ki di kriz k ap boulvèse Ayiti a fè Ayisyen p ap ka patisipe nan pwogram sila, selon nòt la ki ekri nan lang fransè e n ap site: » Il n’ a faire que constater qu’Haïti n’est pas en mesure de remplir dans l’immédiat, de cette facilité.»

Selon sa divès moun ekri sou rezo sosyal ki fè kwè premye minis defakto Ayisyen Dr .Ariel Henry pa al defann Ayiti nan divès vwayaj l ap fè nan divès peyi nan mond la, rankont premye semèn jiyè a montré sa a klè, daprè fraz ki ekri nan lang fransè a, se PM nan menm ki konstate Ayiti pa kalifye ak egzijans yo pou Ayiti ta benefisye favè sa a nan CARICOM, ki se mache inik karayib la .

Nòt sila ki pa sispann pataje sou rezo yo, sitwayen yo kritike PM nan anpil sou koze sila.
Kesyon divès moun ap poze, se ki moun ki responsab pou rezoud kriz k ap brase bil Ayiti ki koz li pa ka pami peyi sitwayen ka vwayaje nan CARICOM sa viza a ?

Si se pa PM nan, poukisa se limenm ki fè konsta menm pwoblèm li dwe debouye li pou li rezoud la ?

Cenes JOSEPH, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841