Kouri pou eskwokri, falsifikatè, vyolasyon konfyans ak asosyasyon kriminèl, Esther Dacius jwenn arestasyon li nan Dominikani epi transfere an Ayiti 8 jiyè pase a pou Polis Nasyonal Ayiti / DCPJ fè suit nesesè yo. Li te genyen yon manda ak yon avi rechèch ki te lanse kont li.nike air max 90 sale super bowl 57 wigs sale authentic nfl jerseys best wig shop near me womens sex toys adidas yeezy foam runner onyx best sex toy website cheap lace front wigs nike air jordan women amazon sex toys best nfl uniforms custom football uniforms best sex toy for women nfl jerseys cheap

Plizyè plent te depoze pandan ane 2022 ak 2023 a nan nivo Biwo Afè Finansye ak Ekonomik (BAFE/DCPJ) kont Esther ak mari l Marckenshy Honoré, pou divès zak yo komèt nan peyi a.

Esther Dacius fè tèt li pase pou konsil k ap travay nan anbasad Kanada, kote li sèvi ak fo sit nan non anbasad la, nan lide pou twonpe vijilans divès sitwayen ki viktim anba men l.

PNH la te anonse y ap chèche Esther tankou chen fou.

Se Marckenshy Honoré ki te jwe wòl entèmedyè ak sekretè ant viktim yo ak madanm li. Lapolis pa presize anyen lòt sou Honoré.

Pou moman sa a, Esther Dacius nan depo nan DCPJ pou swit legal yo.

N ap raple, pou ane 2022 -2023 a, divès Ayisyen k ap viv Ayiti ak Dominikani pa sispann viktim anba men divès konpatriyòt ki fèt yo pase pou ajans, nan lide pou dechèpiye malere ak malerèz ki gen lide pou kouri kite peyi yo, swa pou ensekirite oubyen move lavi.

Cenes JOSEPH, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841