Aprè li fin jwenn sètifikasyon li kòm jij nan men konsèy siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ), gouvènman Ariel Henry a nan yon konsèy Minis ki te dewoule 30 jen 2023 a, rekondui Jij Bernard Saint-Vil pou yon 2èm fwa kòm dwayen nan tribinal premyè enstans Pòtoprens.

Se te nan dat 10 mas 2023 a, gouvènman an te ekri CSPJ pou li te kominike li avi ki sètifye Mèt Bernard Saint-Vil kòm Jij. E se nan fen mwa avril pase a CSPJ te achemine yon lis ki genyen plizyè jij sètifye e pami yo Mèt Saint-Vil.nike air max sale mens Human hair Wigs custom jerseys design jerseys online custom football uniforms custom jerseys best lace front wigs adidas yeezy foam runner mens nfl pro shop shop nfl adidas sale nike air max 270 womens nike air max 270 custom nfl jerseys customized basketball

Se te nan dat 23 avril 2015 Mèt Saint-Vil te pran fonksyon kòm dwayen nan TPI Pòtoprens lan kote li te pase 7 lane nan pòs la. Nan dat 22 desanm 2022 aprè manda li te rive nan bout li, yo ta pral ranplase li pa Mèt Chavannes Etienne.

Mèt Fallières Bazelais ki se Direktè jeneral Ministè jistis Ayiti deja adrese yon lèt ak komisè gouvènman Pòtoprens lan, Mèt Edelet Guillaume pou li ka planifye rantre an fonksyon nouvo Dwayen an Jij Bernard Saint-Vil.

Sadrax Ulysse, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841