Fòmasyon mizikal « Zafem » ki gen pou mayestwo Dener Ceide epi Chantè prensipal Reginal Cangé te rive fè premye prestasyon yo prezansyèl samdi kite 8 jiyè 2023nike air max 90 mens adidas online nfl football adidas yeezy boost nfl jerseys nike air jordan shoes nfl jerseys green plus size top nike air jordan 4 basketball jersey custom basketball jerseys nike air jordan 4 Bengals jerseys nike air max correlate adidas ultraboost

Prezansyèl, paske nou raple nou nan epòk kowona viris la, djaz la te pami dives lòt ki te fè yon pèfòmans vityèl, samdi 8 jiyè a Zafem te rive plen akrake “Melrose Ballroom” kote moun te soti tout kote nan amerik di nò pou te vin sipòte djaz la selon divès fanatik, Zafem te livre yon bon pèfòmans piblik la te reponn an mas, e yo te patisipe masivman nan pèfòmans djaz la

Nan premye sòti le 8 la, djaz la te gen 21 mizik pou l te jwe men yo te rive egzekite 19. Pa ka neye, ak coming soon se non 2 moso ki pat rive Egzekite yo, djaz la jwe 13 mizik sou plak kite soti 5 me 2023 a, epi ala de ka kite soti nan epòk kovid la, 5 lòt mizik ki se entèpretasyon tankou; antan pou n atan nou (Coupé cloué), tèt kole ( Manno Charlemagne) pou n site sa yo sèlman. Yo te ran omaj ak anpil mizyen sa ki mouri e vivan pami yo Beethovas Obas, Black Alex elatriye

Nan lan nwit 9 jiyè djaz la te refè menm bagay la nan menm espas la, yo te egzekite anviwon 22 mizik

Pou anpil animatè ak kritik mizikal djaz la se yon lòt apwòch sou plan powetik, konpozisyon mizikal, pou moun sa yo endistri mizik ayisyen an gen plis ke 10 lane depi se menm bagay yo ki t ap fèt, Zafem se yon lòt pwopozisyon, ke yo menm rele fenomèn

Mayestwo Zafem nan te pwofite prezante lis mizisyen ki te nan grand premyè a, èske mizisyen sa yo se mizisyen ofisyèl djaz la ? Pèson po ko gen repons.

Moun yo swete Zafem byenvini epi siksè se te mesaj Tjoe Zenny chantè gwoup kreyòl la

Selon manadjè yo Evens Blaise, yo gen plis pase 50 kontra ki siyen deja, sa vle di, djaz la ta pwograme jiska out 2024. Zafem anonse divès kote Etazin, Ayiti, nan anti yo, nan kontinan afrik nan peyi Gana.

Joseph Samuel GUILLAUME, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841