San pyès kontestasyon, Konsèy sekirite Nasyonzini an adopte rezolisyon 2692 la vandredi 14 jiyè 2023 a pou yon fòs militè entèvni Ayiti. Sekretè jeneral Antonio Guteress genyen 1 mwa pou li bay tout detay sou fason fòs sa a ki p ap ONU pral aji. Nan menm okazyon an, yo pwofite renouvle manda BINUH pou yon lane.

Se Minis zafè etranje a Jean Victor Genéus ki konfime nouvèl la nan mitan jounen an pou jounal «le nouvelliste» .nike air max shoes custom hoodies all nfl jerseys lovense sex toys nike air max excee womens wigs on sale official nfl shop nfl jerseys cheap custom jerseys custom football jerseys custom jerseys baseball nike air max 90 womens adidas yeezy foam runner custom softball jerseys custom nfl jersey

Linda Thomas ki se anbasadè Etazini nan l’ONU deja salye inisyativ ki pran pou renouvle manda BINUH pou yon lane an Ayiti plis fòs espesyal la ki pral ede polis nasyonal la ki an feblès fas ak gang yo k ap feraye.

Madam Thomas-Greenfield rapousib pou di li swete nasyonzini nan yon ti tan ki pa twò long pral vini ak yon dokiman ki byen detay pou montre kòman nasyonzini pral ede rezoud kriz ensekirite a. Èske se pral yon fòs k ap vin mete lapè, yon fòs ki pral ede fòme fòs polis la oubyen se pral yon fòs miltinasyonal.

Anbasadris Etazini an fini pou di peyi li prèske pa ka tann pou wè defason klè kòman sekretè jeneral Antonio Guteress pral fè rekòmandasyon yo nan yon fason efikas pou ede Ayiti.

Rezo Nasyonal k ap defann dwa moun yo Ayiti (RNDDH) fè konnen nan rapò li soti 1ye me rive 12 jiyè 2023 a, deja genyen 40 moun ki kidnape epi 75 lòt moun asasine nan kriz ensekirite a ki ap vale tèren pi plis nan Depatman lwès Ayiti.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....