Nan tèt yon delegasyon ki gen ladan l minis Ekonomi ak Finans lan, minis Afè Etranjè ak Kilt la, ansanm ak divès lòt reprezantan, Premye Minis Ayiti a, Ariel Henry, kite peyi a, samdi 15 jiyè 2023 a pou ale Briksèl ki se kapital peyi Bèljik, kote li pra l patisipe 17 ak 18 jiyè a nan Somè Inyon Ewopeyèn.jordan 4s cheap nike air jordan 1 low sex toys for women nfl fantasy jersey best couples sex toys custom team jerseys custom basketball uniforms buffalo bills apparel adidas mens shoes sale nike air max mens shoes nfl store women’s nike air max blonde wig design jersey human hair wigs for women

Primati anonse Ariel kite peyi a, pou ale patisipe nan okazyon 3èm somè ki pral reyini plis pase trant (30) Chèf Deta ak Gouvènman.

Toujou selon primati, nan kad divès rankont bilateral, Ariel ap rankontre ak plizyè lidè peyi Ewopeyen, ki Amerik Latin ak Karayib la pou pale sou relasyon peyi yo pataje, ak kriz k ap sekwe bil Ayiti a.

Nan absans Ariel, se minis Sante Piblik ak Popilasyon an, Dr Alex Larsen k ap jwe wòl premye minis peyi Ayiti.

N ap raple, nan yon kominike biwo kominikasyon primati Ayiti te mete deyò madi 20 jen 2023 a, yo te fè konnen premye minis defakto Ayisyen an, Ariel Henry, te kite peyi a pou al patisipe nan «somè finans» peyi Lafrans t ap òganize soti 22 pou bout 23 jen 2023 nan kapital peyi Lafrans Pari.

Pou yon fwa, jis kilè Ariel Henry ak ekip li ap ede AYITI wè aklè kisa rankont pasi pala sa yo pote de pozitif pou peyi a, k ap kontinye toupizi anba yon ensekirite alimantè, politik ak sosyal egi l ap travèse depi kèk tan ?

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...