Nan sèlman 10 jou, plis pase 13 mil moun patisipe nan ankèt sa Jounal Centre à la UNE te reyalize pou konnen opinyon sitwayen yo sou kriz peyi Ayiti a. Nou reyalize seri ankèt sa yo, se yon mwayen pou nou rive pi prè popilasyon vize a, pou bay lide yo sou sitiyasyon kriz sa k ap ravaje peyi a, nou fè l paske anpil fwa moun yo konn vle fè pase opinyon, men yo pa jwen posiblite pou fè sa. Men ak maji teknoloji a ki vrèman ap vanse e li fasilite nou yon pakèt bagay, se poutèt sa jounal «Centre a la UNE» dispoze yon ekip ki gen espesyalite nan divès domèn pou chache sa ki bon yo pou ofri pèp Ayisyen an.wholesale wigs cheap jordan 1 Lace Wigs cheap nba jerseys nike air max correlate cheap nfl jerseys sex toys for women custom bowling jerseys luxury sex toys buy sex toys online customized baseball jerseys cowboys jersey adidas ultraboost 20 sneakers stores custom nfl jerseys nike air max 90

Ankèt sa, pèmèt moun patisipe pou bay opinyon yo sou sitiyasyon kriz peyi Ayiti ap fè fas depi yon bon ti bout tan. Se yon ankèt ki anonim ki sekirize tout done pèsonel nou yo. Se yon ankèt endepandan ki reyalize gras ak kolaborasyon tout staff jounal «Centre à la Une» nan, li pa gen okenn sipò ni piblik ni prive, ni komandite pa gouvènman an ou byen yon patikilye. Li fèt ak tout klate nan lang manman n ke 100 % Ayisyen pale a ki se kreyòl.

Modalite ankèt sa te fèt senkronik, endividyèl ak mwayen teknoloji a bay, nou pèmèt repons chak patisipan vini otomatik. Endis estatistik nou te itilize pou mezire varyab yo se WI ,NON ,MWEN PREFERE PA REPONN ki pèmèt nou prezante rezilta yo sou fòm yon grafik chak kesyon yo .

Sou efektif ki te patisipe a 70,3% moun ap viv nan peyi Ayiti e 29 ,7% ap viv nan peyi aletranje.

97,3 % moun te reponn ke kriz peyi Ayiti a afekte yo e 2, 7 % di yo prefere pa reponn.

48,6 % moun reponn pozitif ke yo gen yon minimòm sekirite nan zònn yo , 32,4% reponn non yo pa genyen e 18,9 % prefere pa reponn.

Pa rapò ak sitiyasyon kriz peyi a 56,8 % nan moun ki reponn ankèt la fè konnen yo pa deplase kite zònn, kay oubyen vil yo , 37,8 % reponn wi e rès la prefere pa reponn.

Sou plis pase 13 mil moun ki reponn ankèt la , 75,7% nan yo fè konnen ke yo te viktim ensekirite a ou byen yon pwòch yo, 13,5% reponn non e 10,8 % prefere pa reponn.

56,8% moun te reponn ke yo pat kidnape yo ni yon pwòch yo, 35,1% wi e 8.1% prefere pa reponn .

Mouvman BWA KALE a se youn nan mwayen pèp la defann tèt li fas ak fenomèn ensekirite, kidnapin nan peyi a, se yon mouvman ki bay anpil rezilta pandan dènye mwa, ki mete dòmi nan zye anpil Bandi nan peyi a. 75% moun di yo dakò, 22,2 % di non e rès la prefere pa reponn.

75,7 % moun di yo dakò ak travay komisè Muscadin ap fè nan jiridiksyon pa l la, 5,4 % moun di yo pa dakò e 18,9 % prefere pa reponn.

75, 7 % moun dakò pou yo chanje direktè jeneral defakto lapolis la, Frantz Elbé nan tèt enstitisyon an ,5,4 % di non pa dakò e 18,9% prefere pa reponn.

Pa rapò ak kriz ekonomik peyi a 43,2 % moun twouve yo nan klas Ba , 24,3% nan klas Mwayen e 32,4% nan klas ki pi ba.

Avan ensekirite jeneralize a 62 ,2% moun sou echantiyon nou genyen an te konn manje 3 fwa pa jou e 37,8% moun te konn manje 2 fwa pa jou .

Pandan moman ensekirite 48,6 % moun manje yon fwa pa jou, 43,2 % moun manje 2
fwa pa jou e 8,1% moun 3 fwa pa jou.

62 ,2% moun pa rive genyen 200 goud pou piti piti chak jou, 32 ,4 reponn pozitif 5,4 prefere pa reponn.

Sou plis pase 13 mil moun ki patisipe nan ankèt la , 91,9% moun fè konnen peyi a pap dirije, 2,7 % fè Konnen wi e 5,4 prefere pa reponn.

41,7 % moun fè konnen yo se anplwaye piblik ou byen prive , 27,8% se travayè endepandan, 19,4 % se biznis yo fè e 11,1 % se moun ki pap fè anyen .

54,1% moun di yo kwè se polis Nasyonal Ayiti a ki kapab rezoud fenomèn ensekirite a nan peyi a , 32,4 % di se fòs militè etranje e 13,5 % prefere pa reponn.

54,1% moun di yo pa dakò pou okenn entèvansyon fòs militè nan peyi a, 37,8% di wi yo dakò e 8,1 %prefere pa reponn.

69,4% moun fè konnen Wo Konsèy Tranzisyon (HCT) pa sou bon chemen ak demach li yo, 11,1% di wi HCT ap fè yon travay e 19,4 % prefere pa reponn.

83,9% moun pa kwè nan dyalòg aktè politik yo pap rezoud kriz la , 2,7 % di yo kwè nan sa e 13,5% prefere pa reponn.

64,9 % moun di yo dakò pou gen yon gouvènman Prezidan e premye minis, 8,1% dakò pou sèlman yon premye minis, 13,5 % pou yon Konsèy Tranzisyon e 13,5% prefere pa reponn .

83,8 % moun di yo pa dakò ak jesyon gouvènman defakto Ariel Henry, 2,7% di yo dakò, 10,8% prefere pa reponn.

73% moun di yo dakò ak sanksyon entènasyonal la ap pran kont politisyen Ayisyen yo , 2,7% di yo pa dakò e 24,3 % prefere pa reponn.

94 ,6 moun fè konnen depi 23 mwa premye minis defakto Ariel Henry nan tèt peyi a , yo pa santi okenn pwogrè nan peyi a . 5,4 % prefere pa reponn.

77,8% moun di wi yo dakò pou pwogram Biden nan kontinye, 8,3% di yo pa dakò e 13,9 % prefere pa reponn .

70,3% yo pa dakò pou gouvènman defakto a chanje konstitisyon peyi a, 18,9 % di wi yo dakò e 10,8% prefere pa reponn.

64,9% moun panse peyi a poko prè pou òganize eleksyon, 21,6% si wi peyi prè e 13,5 % prefere pa reponn.

77,8 di yo pral vote si ap gen eleksyon, 19,4 % di non yo pap pral vote e 2,8 prefere pa reponn.

37,8% moun di yo pa nan okenn pati politik, 24,3 % di wi , 18,9% di yo gen pou fè e 18,9 % di yo pa enterese ak bagay kònsa.

56,8 % moun rete kwè peyi a endepandan, 21,6 % kwè se yon peyi depandan, 13,5% kwè Ayiti se yon Neyokoloni e 8,1% prefere pa reponn.

Men kisa anpil moun espère pou Ayiti nan 6 dènye mwa ki rete pou rès ane 2023 ….

Ankèt sa reyalize sou direksyon Jean Launy AVRIL, ak kolaborasyon tout ekip solid jounal Centre à la Une nan.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar