Papa ak manman pitit nan komin Bèladè nan gwo difikilte pou yo bay pitit yo aknesans (batistè) akoz Ofisye eta sivil la, Wilson Desbouquets, ki mouri sa gen plis pase 18 mwa.

Sitwayen toupatou nan vil la tankou sa yo
ki rete nan premye seksyon kominal Rantmate, dezyèm seksyon kominal Wasèk ak twazyèm seksyon kominal Riyarib plenyen anpil pou sa paske yo di se pa posib pou chak fwa yo bezwen fè aknesans pou pitit yo se peyi pèdi pou yo ale, jis nan komin Lascahobas, menmjan tou lè yo bezwen pase aksivil pou mayaj. Yo di li lè li tan pou pwoblèm sa a regle atò.cheap jerseys wholesale sex toys nike air max cb 94 release dates 2023 customize football jersey custom nfl jerseys adidas mens shoes sale dallas cowboys nfl nike air jordan women’s shoes best sex toy store adidas store houston best wigs nfl jersey sales best nfl jerseys rams super bowl ring mens nike air max 97

Julio Orepe, se non yon sitwayen k ap viv Dosele, Dosele, yon lokalite nan premye seksyon kominal Rantmate, Mesye Orepe ki te pale a Centre à la UNE Madi 18 Jiyè a pa kite dlo nan bouch li pou l’ kritike otorite konsène yo nan depatman Sant lan mete ansanm ak Leta santral li di ki pa fè anyen pou yo ranplase ofisye ki mouri a depi tout tan sa a, li trete otorite sa yo otorite manfouben.

Sitwayen an fè konnen moun nan zòn kote l rete a bouke ak sitiyasyon sa a, sitiyasyon kote yo nan gwo difikilte pou yo bay pitit yo aknesans. Sitou ak wout agrikòl yo ki fin kraze toupatou nan seksyon an. Pi lwen li di yo pare yon po kann ak tout foumi pou tout kandida k ap vin mande yo vòt nenpòt lè ap gen eleksyon andan peyi a poutèt yo kounen yo egziste sèlman nan moman eleksyon.

Antouka, pwoblèm yo anpil nan komin Bèladè, Vrèman anpil, pwoblèm dlo, pwoblèm ensekite, pwoblèm kouran an ki pa gen parèy ditou, se chak sen silvès ( yon lè konsa) yo bay li, lavi chè, konfli ki genyen nan fwontyè a (Carisal), elatriye. Yon seri pwoblèm pèsonn pa konnen jiskilè popilasyon an ap rale yon souf anba yo.

      Gulnave MATHURIN

gulnavemathurin@gmail.com
28170392/34450330

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841