Enjenyè Nesly Gelin tounen pou yon 2èm fwa kòm Direktè Rejyonal OREPA-CENTRE. Se Direktè Jeneral Guito Édouard ki enstale l nan vil Mibalè mèkredi 19 jiyè 2023 a an prezans divès kad nan DINEPA ak lòt otorite. Li ranplase Ing Theophil Ostinvil ki te demisyone.

Aprè enstalasyon nouvo Direktè rejyonal la, delegasyon an ki te genyen divès pèsonalite tankou: Otorite depatman an, kad nan Enstitisyon an, akonpaye nouvo direktè a ak direktè jeneral la Guito Edouard te rejwenn kèk notab ak meri Laskawobas pou te vizite chantye Lapeny la.best nfl jerseys nflstore washington nfl team nfl shop discount code adult sex toys adidas store nike air maxes wig for sale best wigs for white women dallas cowboys jersey best wigs for white women nike air max 90 colorways adidas factory outlet best sex toy for women best wigs for black women

Direktè jeneral la Guito Edouard te esplike difikilte ki genyen nan egzekisyon pwojè a ki te men yon fim fransè, ki deziste depi mwa janvye 2023. Selon DG a, pandan y ap tann Bank Mondyal otorize nouvo fim VF construction SA pou kontinye ak pwojè a, sitwayen konsekan Laskawobas yo dwe tann. Li te tou pwofite lanse yon lòt dat ofisyèl pou demaraj VF construction SA ak CECOM Consultants pou egzekisyon ak konsiltasyon pou 26 jiyè 2023 a.

Yon lòt kote, popilasyon an pa t mete dlo nan bouch yo pou te pote repons ak DG a. Yo t ap lanse pawòl piman epi menase pou boule machin delegasyon an.

Pou fini, Direksyon jeneral DINEPA a konkli pou remèsye komisarya Laskawobas la, majistra Junior Pierre ak Fredner Joseph pou jan yo te kalme gwoup jèn agresè yo.

Ki donk, pou sosyete sivil la ak Asosiyasyon k ap jere patrimwàn ak sit touristik Laskawobas yo, yo gen gwo enkyetid pou jan DINEPA vle transfòme basen Lapeny an basen pwason ak krapo.

Washington FLORVIL, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841