Nou fè yon gwo pa nan bon direksyon. Nan Konsèy Nasyonzini, tout peyi vote pou gen yon fòs miltinasyonal debake pou vin kore polis nou an, pou nou fini ak bandi, pou tout moun ka sikile san kè sote, lib et libè, la jounen tankou lannwit. Deklarasyon Ariel Henry mèkredi 19 jiyè 2023 a, pandan li soti nan yon somè nan kapital peyi Bèljik, Briksèl.custom jerseys basketball headband wig real hair wig nike air jordan 6 wig stores nfl dallas cowboys cheap baseball jerseys chiefs super bowl wins nike air jordan 6 nfl san francisco 49ers nike air max 270 women’s sale best place to buy sex toys nike air max sc custom jersey cheap jordan 1s

Poutan, nan dat mèkredi 24 me 2023 a ki te make fen fowòm sou divès pwen HCT a reyalize nan otèl Karibe, Pòtoprens an AYITI, menm Ariel Henry sa a te deklare ouvètman e n ap site : «Gouvènman Ayisyen an pa t janm mande entèvansyon militè pou kraze gang yo, men yon sipò solid. Ariel Henry te fè deklarasyon sa yo 6 mwa aprè li menm ankò te fin mande blan an yon èd militè.

Pou rapèl, nan kad yon rezolisyon Ariel Henry te siyen jedi 6 oktòb 2022 a, gouvènman an te trè klè: yo te montre enkapasite gouvènman an pou pote solisyon ak kriz Ayiti a, enkapasite ak enkonpetans fòs polis la pou fè fas kare ak gang yo, echèk tout sektè yo nan peyi a. An gwo, yo te avili peyi a, mete l toutouni devan blan an, nan objektif pou yo te ka jwenn yon asistans militè.

Se pa t sèlman Ariel Henry ki te solisite èd sila. Nan dat ki te 28 novanm 2022 a, Direktè Jeneral Lapolis Ayiti a, Frantz Elbé, te deklare ouvètman peyi a nesesite èd yon fòs militè etranje, pou ede yo jere kesyon ensekirite a galopant sila ki pratikman depase yo tout; malgre premye atribisyon yo se pwoteje ak sèvi popilasyon an kòm sa dwa.

Nan yon tèks jounalis e teknisyen an devlopman lokal, Sadrax Ulysse, te pibliye sou menm lanse a nan dat 26 oktòb 2023 a, li te ekri konsa: «Blan an chita sou dosye Ayiti a, li jwe ti jwèt sourit ak chat, li laloz kò l nan poze kesyon, kilès ki pral mete klòch la nan kou chat la? Men se pa yon sekrè, puiske entènasyonal la toujou ap jwe jwèt woule m de bò sa yo fas ak tout difikilte Ayiti ap konnen yo.»

Pou anpil sitwayen k ap reflechi sou dènye soti Ariel fè la a aprè fowòm Briksèl la, yo kwè PM nan konpòte l kòm yon «agranman ki chanje koulè achak fwa sa nesesè». Yo kwè tou Ariel se yon defakto enkoyeran, ki pa gen anyen pou wè ak peyi nan kalandriye politik obskirantis (fè nwa) l ap aplike a la yo. Sitwayen sa kwè mouche a se yon pope twèl, ki nan men kominote entènasyonal la tankou yon jwèt y ap jwe ak manèt.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...