Mackenley Innocent manb gang Tibwa a ki se tou chèf gang Bizoton 55 lan jwenn arestasyon l nan Ayewopò Toussaint Louverture Ayiti mèkredi 26 jiyè 2023 a, pandan li ta pra l vwayaje nan pogram Biden nan.

Se lapolis nan peyi Ayiti ki konfime nouvèl la,PNH fè konnen yo resi mete men sou Innocent yo t ap chèche byen lontan pou divès zak.

Se nan Ayewopò Toussaint Louverture nan Pòtoprens pandan li t ap tcheke nan èpòt la pou li rantre nan Eta Florid Etazini, ajan Direksyon Polis Jidisyè yo (DCPJ) vin marel 2 bra dèyè do.

Asasina polisye Frantzy Occil 31 me 2023 ak anplwaye OAVCT pedro Mondelus 12 jiyè 2023 a Tò 12 kafou. Se divès aksyon sila yo fòs lòd yo reproche prezime chèf gang nan.

Pou kounye a Innocent nan gadavi DCPJ pou suit legal yo.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....