John Nairn, ki se yon ekspè nan òganizasyon meteyowoloji mondyal (OMM) nan nasyon zini deklare nan yon konferans de près semèn pase a, tanperati a rije jiska 40 degre nan plizyè rejyon nan mond lan pou ane 2023 a.

Jhon fè konnen chalè a vin egzajere se suit ak fenomèn Elninio a ki pa sispann fè wout li. Afrik Nò, Azi, Mediterane ak amerik Nò se yon ansanm rejyon kote tanperati a deja depase 40 degre ki rann chalè vrèman egzajere.

Depi lè ekspè yo te dekouvri tanperati a te miltipliye pa 6 nan lane 1989, yo remake li pa janm bese. Sa ki fè ekspè yo deklare yo vrèman enkyete sou sante popilasyon mondyal la.

Se gaz ak efè sè yo ki provoke vag chalè sila. Se sa ekspè yo fè konnen. Yo konseye pou yo sispan itilize enèji fosil yo jis pou lite ak rechofman klimatik la.

N ap note, nan mitan me mwa jiyè a, yon chalè egzajere ki te frape AYITI, se te suit ak yon kouch pousyè ki soti Sahara selon Pwoteksyon Sivil. Responsab yo te pwofite voye kèk konsèy pou popilasyon an.

Ayiti ki se yon peyi tropikal deja ap fè fas ak yon chalè tèt chaje. Otorite yo nan pwoteksyon sivil konseye popilasyon an pou yo bwè anpil dlo, benyen souvan epi mete rad lejè pou yo fè fas ak chalè.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....