Divès konpatriyòt Ayisyen ak ti bebe ki frekante lopital nan divès rejyon nan Repiblik Dominikèn, jwenn arestasyon pou depòte nan peyi orijin yo

Ayisyen k ap viv Repiblik Dominikèn kontinye ap sibi move tretman. Jedi 20 jiyè 2023 divès #fanm Ayisyèn ansent ki t ap pran swen nan yon lopital nan vil Iguey, ajan Imigrasyon arete yo ak tout ti bebe, menm sila yo ki fè sezaryèn pa epanye. Malgre sa, otorite lokal yo rete kè kal.

Nan zak rasis sa a, ti moun, fanm ansent ou byen sila yo ki fèk akouche pa t epanye nan repatriman sila 20 jiye 2023 a. Nou konsyan divès nan moun sa yo oblije kite Ayiti swa pou ensekirite, mank lopital pou reponn ak bezwen yo.

Divès sitwayen rakonte sa k ap pase lakay vwazen an ak konpatriyòt Ayisyen yo endinye yo, men malerezman se pa yo ki nan pòs pou pran desizyon yo pou ta mete yon bout nan zak rasis sila.

Selon yon responsab dwa moun jounal la kontakte sou sa, li fè konnen «Repiblik Dominikèn siyen divès akò ak otorite Ayisyen yo, men yo pa respekte okenn ladan yo.»

N ap raple, tout zak rasis sa yo vin pèsiste, se aprè fontyè a te bloke depi plis pase 8 jou nan Elyaspina, akoz yon altèkasyon ant yon nasyonal dominiken ak yon chofè Ayisyen. 20 jiye a, tou fontyè Banika, Byasou te bloke tou, nan lide pou pwoteste kont zak rasis yo epi pou bay repons ak mouvman Ayisyen responsab Imigrasyon an akselere ak depòtasyon yo.

N ap pwofite sinyale tou, diplomasi Ayisyèn nan egziste sèlman de non an Repiblik Dominikèn nan sa ki gen pou wè ak defans sila yo ki pi fèb, nan dimansyon sa a yo rete bèbè.

Èske Repiblik Dominikèn se pa inik peyi nan mond lan ki pran desizyon espesyal pou fè tout Ayisyen ki gen yon visa pou rantre epi pou tcheke paspò a chak mwa nan fontyè a epi peye 20 dola ameriken? Si pase yon mwa sitwayen an pa respekte prensip sa a, l ap peye yon amann ki evalye a 2500 peso ki prèske vo 50 dola ameriken. Poutan, pa janm gen okenn reyaksyon leta Ayisyen sou dosye sila.

Toujou sa ki gen pou wè ak relasyon 2 peyi yo, Dominiken yo vann tout pwodwi lide yo di yo sou ti bout tè papa Desalin nan, poutan yo anpeche pwodwi soti Ayiti foule sòl pa yo a, kisa sa ye finalman? Ki sans li genyen?

Poukisa Diplomat Ayisyèn yo pa poze pwoblèm sa yo ? Èske se Ayiti y ap defann oubyen Repiblik Dominikèn? Se kesyon divès sitwayen viktim pa sispann poze sou relasyon Ayiti ak vwazen an.

Cenes JOSEPH, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841