Sosyològ Atis Chango Bastia k ap evolye nan peyi Lafrans, ap vizite divès komin nan peyi a nan kad yon toune l ap fè an Ayiti

Nan yon anbyans san parèy, atis ak sosyològ Ayisyen Chango Bastia t ap pèfòme nan «Guiteau’s gardent» nan komin Laskawobas dimanch 20 dawout 2023 a.

Chango Bastia se moun Plato Santral. Li fèt nan komin Ench. Kòm atis, li soti premye albòm li an 2020 ki gen tit «An n fèl an Kreyòl.»

Ak yon vizaj chaje souri ak lespwa, atis Chango Bastia di li santi l kontan pou premye fwa li jwenn okazyon fè yon prestasyon nan komin Laskawobas, anfas yon yon piblik ki sou anbyans Chango a, kote atis la ap chante yon mizik piblik la renmen anpil, mizik ki dekri reyalite peyi a. Pou moun konsekan yo, mizik sa a kapab titre ENDINYE.

Anplis de mizik ki nan rit ayisyen an, Chango chante divès lòt rit mizikal, sa ki te mete anpil kontantman ak lajwa bò kote foul la ak atis la, ki li menm te akonpanye ak yon jèn talan nan Laskawobas ki se Ducloseau US. Ansanm, atis yo te sou sèn nan ap depoze.

N ap note, Chango Bastia pral soti yon dezyèm albòm. Pou atis la, popilasyon an ap rejwenn yo nan albòm sila. E pandan okazyon soti 2èm albòm nan, li kase randevou nan vil Gonayiv pou yon vant siyati, e pwofite mande jèn yo pa sèlman pati pou pati, men yo dwe konnen e konsyan de sa yo pral regle, yon fason pou bay patisipasyon yo pou devlope peyi a nan tout domèn, yon bagay ki trè enpòtan selon atis la.

Komin Laskawobas, Wisnic Rondeau, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841