Nan yon rapò Rezo Nasyonal k ap Defann Dwa Moun Ayiti RNDDH pibliye soti Vandredi 04 pou rive 16 Dawout 2023 a, 54 moun mouri, pami yo 2 polisye, pou pipiti 3 moun blese pa bal anplis yon pleyad lòt sitwayen oblije deplase kite kay yo aprè atak ame gang Gran Ravin nan te fè sou moun Kafou Fèy yo.

Sòti 1e janvye pou rive 15 dawou 2023 a, anviwon 2 439 sitwayen pèdi lavi yo ak 902 lòt blese. Tout sa se konsekans vyolans ak atwosite gang ame yo, ki pa sispann simen dèy nan mitan popilasyon Ayisyèn nan. Se pòtpawòl Wo Komisyon pou dwa moun yo nan Nasyonzini, Ravina Shamdasani, ki rapòte sa vandredi 18 dawou 2023 a.

Nan kòmansman mwa Jiyè 2023 a, sou inisyativ pè katolik Tom Hagan, Kòm li te fèt nan ane 1995 deja ak Jean Bertrand Aristide yon akò pou Lapè retounen nan Katye popilè yo ant Chèf gang gwoup G-9 dirije pa Ansyen polisye Jimmy Cherisier alyas Babekyou ak chèf gwoup Site Solèy la Gabriel G-pèp. La vi reprann nan Katye yo, tout wout, Riyèl te debarikade.

San Dout popilasyon an panse lapè ant gang yo se suit ak santiman laperèz yo fas ak mouvman Bwa Kale a lanse nan Avril dènye. Atak ame nan jou sa yo fè panse se yon antant gang ak gang pou teworize popilasyon an ak pou abrite yo kont yon pwochèn atak popilasyon an.

Pasivite Leta santral prezidan CSPN, DG PNH, minis Jistis ak komisè gouvènman an rann gwoup ame yo reprann konfyans pou kontinye teworize popilasyon an. Sèleka, pou zòn Kafoufèy, Solino, Taba, Kwadèboukè, Pènye elatriye. Alòske, predizan KEP Martelly a Pierre Louis Opont kidnape depi mwa Jen pase a toujou nan men ravisè yo.

Pou yon gwoup jèn Etidyan Administrasyon piblik nan PAODES-Université kite esplike fenomèn gansterizasyon tout Katye metwopolitèn nan konsa:<>. Sètadi, yon gwoup kwè nèg ame yo se rezilta dirèk de klas boujwa Ayisyen an selon dènye rapò komisyon dezameman an ki te endekse 11 fanmi ki vann zam ilegal nan peyi a. Yon lòt gwoup kwè se ministè lakilti ki bliye misyon li atravè kèk mizik jèn gwoup mizikal yo ap pwodui pou vann popilasyon an kap pwomote gansterizasyon.

Donk, entèvansyon fòs polisyè yo nan Savyen, nan Vilaj de Dye, Kanaran, Kwadèboukè, nan Tòsèl ki echwe a plizyè repriz, moutre klèman rezolisyon fenomèn gangsterizasyon an depann de mas popilasyon an.

Washington FLORVIL, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841