Dwayen Tribinal Premye Enstans Ench lan, Majistra Wando SAINT-VILLIER ansanm ak Komisè gouvènman prè Tribinal la, Majistra Marlène ABRAHAM, te onore nan dat lendi 28 dawou 2023 a, tout manm jiri ki te kontribye nan reyisit asiz kriminèl avèk asistans jiri ki te òganize soti 14 pou rive 25 dawou pase a, kote yo te desène bay chak manm jiri sila yo, yon sètifika « Onè ak Merit » pou remèsye yo nan fason yo te pote asistans yo bay sosyete a.

Nan menm seremoni sa, yon bèl konferans te òganize sou tèm « Wòl manm jiri nan jije krim de san», se Batonye Evens FILS, reprezantan Federasyon Bawo yo nan CSPJ ki te anime konferans sila.

Pi lwen, nan okazyon sa, manm jiri yo, ki te soti nan tout sis (6) komin ki sou jiridiksyon Ench, te montre epi temwànye apresiyasyon yo pou kalite jès sa, de (2) responsab jiridiksyon an te pran anvè yo, nou vle pale de Majistra Wando SAINT-VILLIER ak Majistra Marlène ABRAHAM.

N ap raple, nan yon konferans pou Laprès Dwayen TPI Ench lan, Majistra Wando SAINT-VILLIER te bay, li te drese yon bilan pozitif sou de (2) dènye asiz kriminèl ki te òganize soti mwa jiyè pou rive dawout 2023 sa. Selon Dwayen an, asiz kriminèl san asistans jiri ki te òganize nan dat 17 pou rive 28 jiyè te gen 15 moun ki te jije : 14 pami yo te kondane, yon sèl te libere. Epi nan dat 14 pou rive 25 dawou sa, nan kad asiz kriminèl avèk asistans jiri an, te gen 15 moun ki te jije : 10 pami yo te kondane, epi 5 lòt te jwenn libererasyon yo.

Pou fini, Dwayen TPI Ench lan, Majistra Wando SAINT-VILLIER, te pwofite bay jistisyab yo nan jiridiksyon an randevou pou yon lòt asiz kriminèl, ki san dout pral òganize nan fen ane 2023 a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841